Ayiti/ Eleksyon: Ansyen prezidan Michel Joseph Martelly enskri pou vin dirije peyi a pou yon dezyèm fwa.

Moun ki te ap pale anba chal nan lari a sou entansyon politik ansyen prezidan Michel Joseph Martelly jwenn repons yo kounye a. 56yèm chèf deta peyi Dayiti a ofisyèlman nan kous la pou li repran prezidan peyi a ankò, anba banyè kowalisyon politik ki pote non Debloke.

Dapre done ki disponib sou platfòm anliy Konsèy Electoral Pwovizwa (KEP) a nan dat 16 oktòb 2026 la, non Michel Martelly rejwenn ak 15 lòt gason ki deja enskri pou konpetisyon sa a, sa ki fè yon total 16 kandida ki rekonèt pou kounye a.

Michel Martelly, ke anpil moun konnen pi byen sou non Sweet Micky nan mond mizik konpa a, te deja dirije peyi a ant 14 me 2011 ak 7 fevriye 2016. Malgre li te kite pouvwa a gen apeprè dis lane, li rete yon figi ki kontinye ap fè anpil diskisyon nan lavi politik peyi a.

Desizyon pou l poze kandidati l la rive kèk mwa sèlman aprè yon ti pasaj tou kout li te fè nan peyi a pandan mwa jiyè 2026 la yon vizit ki te atire atansyon anpil moun ak medyo yo.

About Emmanuel Hubert

Check Also

Ayiti/Edikasyon/Manifestasyon: Plizyè dizèn elèv nan Jakmèl pran lari jounen lendi 9 septanm 2026 la.

Yon gwo mouvman pwotestasyon pete jounen lendi 9 novanm 2026 la nan vil Jakmèl. Plizyè …

Laisser un commentaire

Votre adresse e-mail ne sera pas publiée. Les champs obligatoires sont indiqués avec *

Partager
Partager