Konsey Elektoral Pwovizwa a (KEP) te fè yon gwo reyinyon travay madi 13 oktòb 3026 la ansanm ak Premye Minis defakto a, Alix Didier Fils-Aimé ak prensipal responsab fòs sekirite yo nan peyi a. Objektif chita tande sa a te gen pou wè ak evalyasyon kondisyon sekirite ki nesesè pou pèmèt òganizasyon pwochen eleksyon jeneral yo.
Reyinyon an, ki te anba prezidans Peterson Pierre-Louis, te reyini plizyè gwo otorite nan aparèy sekirite ak defans peyi a. Pami yo te genyen kòmandan an chèf pa entèrim Fòs Ame Dayiti yo (FAd’H), Derby Guerrier, minis Defans lan, Mario Andrésol, direktè jeneral Lapolis Nasyonal la(PNH), André Vladimir Paraison, ansanm ak kòmandan an chèf fòs ki responsab pou reprime gang yo.
Daprè yon nòt pou laprès KEP la pibliye, diskisyon yo te vire sou fason sitiyasyon sekirite a ap evolye nan peyi a ak dispozisyon ki dwe pran pou pwoteje ak tounen ak kalmi anvan, pandan, ak apre pwochen kout vòt yo.
Enstitisyon elektoral la moutre volonte li pou l garanti chak sitwayen ak sitwayènn posiblite pou yo ekzèse dwa pou yo vote an tout libète ak sekirite. Men, malgre enpòtans reyinyon sa a, nòt la pa te bay detay sou kout mezi konskrèt ki pral pran yo, ni li pa te di anyen sou yon dat presizyon pou kalandriye elektoral la.
Lè li ap fini, KEP a reyitire angajman l pou l òganize eleksyon ki enklizif, ki pa gen pati pri, ak ki klè tankou dlo wòch, pandan li ap respekte tout prensip demokratik yo.
Pandan sitiyasyon sekirite a rete yon gwo defi nan peyi a, chita pale sa a montre yon premye pa nan chèche yon kowòdinasyon ant otorite elektoral yo ak fòs sekirite yo pou wè ki jan yo ka kreye yon anviwonman favorab pou retounen nan lòd konstitisyonèl la.

Echojounal echojounal.net