Pandan sityasyon an ap vin pi konplike nan lakou peyi Dayiti, bandi yo ap pran plis tèritwa fòs miltinasyonal la ki gen nan tèt li peyi Kenya nan gwo konfizyon.
Selon enfo yo anpil nan sòlda ki konpoze fòs sila yo pa dakò pou ale fè fas kare ak bandi yo, sòlda peyi Gwatemala yo, jamayiken yo ta fè konnen yo pa vini pou goumen ak bandi yo men pito pou veye kèk nan enstitisyon yo ak kèk nan wout nasyonal yo, yon sityasyon ki lakoz anpil nan peyi ki te di yo ap voye sòlda yo ap laloz, genyen ki di yo ap reflechi, genyen ki di se sipò yo ap vin bay nan swen pou site sa yo.
Yon lòt bò peyi kenya ki gen kontwòl fòs sila ki gen plis sòlda e ki te anonse pou mwa janvye a yo pral mete tout bandi nan kanpe lwen ap tann yon kantite lòt sòlda ki pi fò ladan yo se pral fanm. Pou vin fè kisa? pèsòn pa konnen, se vre nan kèk operasyon lapolis la ap mennen konn kèk sòlda Kenya men se lapolis la ki toujou ap pwoteje yo, selon anpil moun yo toujou ap rale kò yo dèyè, sa ki pouse anpil moun ap mande pou kisa otorite defakto yo pa bay lapolis ak lame plis mwayen pou konbat ensekirite a.
Pi lwen anpil moun fè konnen fòs sila pa vin regle anyen serye nan peyi a lè yo konstate malgre yo te fè konnen yo pran kontwòl ansyen enspeksyon jeneral polis la ki chita kò li nan ba Dèlma, lavi pa ka reprann kafou awopò, Nazon ak tout zòn ki tou pre yo, se toujou lapolis la ki fè entèvansyon pou anpeche mesye bandi yo moute pi wo.
Nou ap fè ou konnen fòs miltinasyonal la gen ladann 807 militè melanje ak polisye ki repati konsa: 607 kenyan,150 gwatemaltèk, 8 salvadoryen, 6 bayameyen, 24 jamayiken ak 2 belizyen, yo poko janm rive pran menm yon koridò bandi yo kontwole alevwa pou yo ta libere yon zòn.