Lapolis malmennen plizyè moun ki soti « Pont Sondé », Lestè, ak plizyè lòt zòn nan ba Latibonit lan ki tap manifeste nan komin Senmak Kont bandi ki pran zòn yo.
Moun sa yo ki plizyè dizèn ki lage de bwa balanse sou plas Senmak la te pran lari pou mande gouvènman defakto a, konsèy prezidansyèl chak moun fè ti kout yo, ak lapolis pou di yon mo pou yo, yo pèdi mari, pitit, madanm, fanmi yo pa ka al pran yo pou antere se chen ak kochon ki ap manje yo, selon sa yo fè konnen gen plis pase 30 moun ki mouri, plizyè lòt blese ak disparèt nan atak bandi yo fè sou « Pont sondé » ak Lestè.
Kòm repons lapolis te tire anpil kout bal e bay anpil gaz pou te kraze mouvman sila ki tap grandi chak kote moun yo te pase, sa ki ta pral leve kòlè popilasyon an, yo te voye anpil pawòl piman bouk Kont lapolis ak otorite defakto yo ki pa bay popilasyon an regle anyen pou yo.
Nou ap fè ou konnen jis nan moman nou ap pale la, okenn manm nan konsèy prezidansyèl chak moun fè ti kout la, premye minis defakto a ak lapolis poko leve yon ti dwèt sou masak bandi yo ap fè nan ba Latibonit lan depi wikenn pase a.
Echojounal echojounal.net