Lapolis la konnen yon wikenn antèman, soti vandredi 5 pou rive samdi 6 septanm 2025 lan gen 5 polisye ki antere nan kapital la. Polisye sa yo pa te ni malad, ni antre nan laj, yo viktim de ensekirite a ke otorite defakto yo nan peyi Dayiti pa janm pran okenn dispozisyon pou rezoud.
vandredi 5 septanm 2025 lan, fineray polisye Villar Pierre Juste ki te mouri anba bal menm lapolis parèy li nan vil Okap chante nan legliz « Saint Pierre » nan komin « Petion ville », selon SPNH-17 lanmò polisye sa trè sispèk yo ta jwenn sou li plizyè mak, yo mande fanmi li pou pote plent. Polisye Villar Pierre Juste se yon ajan CIMO ki te detache ak direktè jeneral ONA a, Ronald Bazil e se nan misyon polisye a te ye ak direktè a.
Nan samdi 6 septanm 2025 lan, fineray kat (4) polisye chante nan akademi polis la devan je plizyè wo grade nan enstitisyon an, zanmi, fanmi polisye yo ki pat kapab kenbe dlo nan je yo. Nan kat polisye sa yo te gen de (2) ajan BOID, Jean Guerby Toussaint ak Max Youry Saint-Rose, yo te tonbe anba bal bandi « Viv Ansanm » yo 12 out 2025 pase a nan komin Kenkòf.
Ak 2 ajan GIPNH-SWAT ki te mouri 19 out 2025 lan toujou nan komin Kenskòf, polisye sa yo te mouri selon enfo apre yon abitan ta jwenn yon « drone » li ta ranmase li e pote li nan baz Swat yo, e la, « drone » nan ta pral eskploze e touye yo ak blese plizyè lòt. Yon vèsyon SPNH-17 la pa fin wè twò klè ladann, yo mande yon ankèt pou fè limyè sou sa ki pase e an menm tan mande fanmi, zanmi, pwòch polisye yo pou pote plent.
Nan fineray sa yo pa te gen prezans okenn nan manm « konsèy Prezidansyèl chak moun fè ti kout yo »
Echojounal echojounal.net