Yon korespondans ofisyèl minis Jistis la, Dr Patrick Pélissier, voye bay direksyon jeneral Lapolis la nan dat 17 avril 2026 pase a, mande pou ranfòse sekirite Joseph Félix Badio nan prizon an. Desizyon sa a relanse gwo deba sou yon kesyon ki ap kwoke nan gòj anpil obsèvatè : Si Badio se vrèman « sèvo » operasyon ki te touye ansyen prezidan Jovenel Moïse la, poukisa se an Ayiti li ap deperi, pandan sistèm jistis ameriken an deja kondane plizyè koupab nan menm dosye sa a ?
Lèt la pa jwe : veye sa Badio ap manje, kontwole vizit li, epi deplase li sèlman nan machin blindé ak eskwòt elit EPINES. Men, dèyè gwo dispozitif sa a, gen yon reyalite ki deranje. Pandan otorite yo ap pran prekosyon pou Badio pa mouri nan prizon, pèp la ap mande kisa ki ap fèt pou jijman li an Ayiti.
Depi jiyè 2021, jistis ayisyen an sanble yon machin ki pann nan yon twou labou. Pa gen okenn siyal klè, pa gen okenn gwo dat pou yon pwosè nasyonal, epi kominikasyon otorite yo limite sèlman ak « mezi sekirite ».
Diferans lan parèt aklè depi 9 mas 2026, dat kote gwo pwosè a louvri nan Florid ak chwa jiri yo. Pandan ameriken yo te deplase, yo arete moun sou tè ayisyen an pou mennen yo Miami, epi yo deja bay plizyè moun kondanasyon prizon pou lavi, bò isit, dosye a sanble yon mistè total.
Kesyon ki sou bouch tout moun se :
Si Badio gen tout enfòmasyon sa yo, poukisa ameriken yo pa te reklame li menm jan yo te fè pou lòt yo ? Èske kenbe l an Ayiti se yon fason pou asire dosye a pa janm rive nan bout li tout bon vre ?
Pandan korespondans minis la te voye bay Direktè PNH la, Vladimir Paraison, ak Premye Minis Alix Didier Fils-Aimé, montre gen yon enkyetid pou lavi Badio, li montre tou yon gwo vid sou plan aksyon pou jistis fèt.
Anpil moun kòmanse kwè ke toutotan « sèvo » a rete an Ayiti san yon jijman serye, se tan y ap pèdi. Jistis ayisyen an, ki pa bay okenn siyal depi plizyè mwa, anba gwo presyon pou l montre si l ap travay tout bon pou verite a, oswa si l ap senpleman jere yon prizonye ki konn twòp sekrè.
Dosye Jovenel Moïse la ap mache sou de vitès : yon vitès TGV nan peyi tonton Sam, ak yon vitès tòti nan lakay li menm, an Ayiti. Antretan, Badio rete dèyè baro, anba gwo siveyans, nan yon peyi kote jistis sanble yon rèv ki difisil pou reyalize.
Echojounal echojounal.net