Ayiti/Kidnapin: Polisyè Michelange Bigor ak pitit gason li jwenn liberasyon yo.

Yon gwo souf soulajman blayi nan mitan fanmi, kòlèg ak pwòch polisyè Michelange Bigor. Selon enfòmasyon ki rive nan biwo redaksyon nou, ajan fòs lòd la, ki soti nan 20yèm pwomosyon Polis Nasyonal Ayiti a (PNH), jwenn liberasyon li ansanm ak pitit gason li, jou ki te lendi 8 jen 2026 la, apre yo te pase plizyè jou nan men ravisè yo.

Se te nan jou vandredi 5 jen ki sot pase a, nan zòn Delmas 30, malfektè te kidnape manman ak pitit. Kidnapin sa a te fèt nan moman polisyè a te ap mennen pitit li lekòl.

Pou kounye a, anyen pa filtre sou kondisyon ki pèmèt yo jwenn libète yo, patikilyèman sou kesyon si gen ranson ki te peye osinon non. Sa ki pi enpòtan pou fanmi an ak pou enstitisyon polis la, se retou an sekirite de (2) otaj yo apre kèk jou tèt chaje anba men nèg ame.

About Emmanuel Hubert

Check Also

Ayiti/Kidnapin: Kidnapin lan tounen pi rèd, yon polisye ak pitit li tonbe anba grif kriminèl

Pandan popilasyon an te ap espere yon souf anba zak vyolans yo, reyalite a vin …

Laisser un commentaire

Votre adresse e-mail ne sera pas publiée. Les champs obligatoires sont indiqués avec *

Partager
Partager