Ayiti/Koripsyon: Gagòt nan gouvènman defakto a, RHAJAC rele anmwe!

RHAJAC denonse nan yon nòt pou laprès jounen 11 septanm 2025 lan premye minis defakto a, Alix Didier Fils-Aimé nan tèt kole ak minis defakto ki nan tèt ministè finans ak ekonomi an, Alfred Fils Metellus ki ap fè gagòt nan lajan leta a.

Selon RHAJAC sou lòd premye minis defakto a, minis defakto ki nan tèt ministè ekonomi ak finans lan debloke plizyè milyon goud pou yon pakèt fim ki pa egziste ke plizyè pwòch mouche Alix Didier Fils-Aimé ak 3 nan konseye prezidansyèl chak moun fè ti kout yo kreye pou kapab gagote lajan peyi a.

Selon nòt la lajan sa ki soti de 100 milyon pou rive 600 milyon goud depoze sou plizyè kont bankè nan lakou peyi Dayiti kou peyi lòt bò dlo sou pretèk se pou bay lapolis materyèl ak plizyè lòt enstitisyon anndan peyi a.

Tout gagòt sa yo se jis pou jere twa (3) konseye prezidansyèl chak moun fè ti kout sa yo: Louis Gérald Gilles, Smith Augustin ak Emmanuel Vertilaire pou yo kapab kenbe nan tèt primati a mouche Alix Didier Fils-Aimé jiska 7 fevriye 2026 ki ap vini la, selon sa ki ekri nan nòt la.

Selon RHAJAC, pandan pil gagòt sa yo nan lajan peyi a, polisye yo ap riske vi yo chak jou nan tire kout bal ak bandi yo san materyèl, san mwayen kote, yo pa menm ka touche a lè ti monnen yo ap ba yo, poutan, gwo lajan ap debloke sou non yo epi fè lòt wout.

Pou sa, RHAJAC mande ULCC pou mennen yon ankèt prese prese nan ministè finans ak ekonomi sou pil lajan ki ap debloke swa pou kontra, pwojè oubyen pou lòt bagay soti nan mwa desanm rive jodi a.

Pilwen RHAJAC mande BRH ki se bank repiblik Dayiti pou pibliye lis tout viman ki fèt sou non lapolis la nan tout bank nan lakou peyi Dayiti kou nan peyi etranje pou bon jan limyè ka fèt sou pil lajan sa yo ki ap debloke yo.

About Echojounal

Check Also

Haïti/Intempérie: Cinq départements de la république D’Haïti en virgilance rouge

L’Unité Hydro Météorologique d’Haïti (UHM) de concert avec la Direction Générale de la Protection Civile …

Laisser un commentaire

Votre adresse e-mail ne sera pas publiée. Les champs obligatoires sont indiqués avec *

Partager
Partager