Direksyon Jeneral Polis Nasyonal Ayiti (PNH) kraze silans li lendi 12 janvye 2026 la. Nan yon konferans pou laprès, pòtpawòl enstitisyon an, komisè divizyonè Michel-Ange Louis-Jeune, prezante yon gwo bilan sou operasyon lapolis mennen dènyèman pou kwape gwoup ame yo nan zòn metwopolitèn nan.
PNH montre detèminasyon li pou li reprann kontwòl teritwa a anba grif kriminèl yo. Bilan sa a, ki konsène operasyon ki fèt nan kòmansman ane a, montre kouman lapolis entansifye prezans li nan zòn ki te cho anpil tankou Bèlè ak anba lavil Pòtoprens.
Komisè Louis-Jeune bay detay sou tout materyèl lapolis sezi, sa ki montre yon gwo feblès pou kapasite gang yo genyen pou yo batay:
Zam dife: Yo sezi 33 zam, kote gen 17 zam fannfwa (tankou M14, M16, ak Kalachnikov). Se kalite zam sa yo ki t ap simen laterè nan katye popilè yo.
Munisyon: Lapolis fè yon gwo kout filèt kote yo jwenn 12 259 katouch tout kalite kalib.
Materyèl teknik: Yo jwenn tou dron, radyo kominikasyon, kas, ak lòt ekipman pwoteksyon gang yo t ap sèvi pou siveye mouvman lapolis.
Atansyon: Bandi yo degize an « LAPRÈS »
Yon pwen ki te bay anpil kè sote nan konferans sa a, se jan bandi yo ap chanje taktik pou yo twonpe vijilans otorite yo. Pòtpawòl la montre yon vès bal (gilet pare-balle) ki gen mak « PRESSE » sou li.
« Endividi sa yo ap vòlò idantite kòporasyon ki gen respè nan sosyete a pou yo ka sikile san pwoblèm epi komèt move zak yo », se sa komisè Louis-Jeune deklare. Li mande popilasyon an ak ajan nan lari yo pou yo louvri je yo byen fò.
Sou plan imen, lapolis fè konnen gen plizyè bandi ki « netralize » (mouri nan echanj kout zam ak lapolis) epi gen plizyè lòt arestasyon enpòtan ki fèt nan kad trafik zam. Operasyon sa yo antre dwat nan kad pwomès gouvènman an pou fè ane 2026 la tounen yon ane sekirite ak estabilite pou peyi a.
Malgre gen yon ti kalmi nan kèk katye, PNH la rekonèt batay la poko fini. Enstitisyon an pwomèt li ap kontinye ak ofansif yo pou pèmèt lavi a tounen nòmal epi prepare teren an pou eleksyon yo ka fèt nan peyi a.
Echojounal echojounal.net