Ayiti pran tèt Komisyon Administratif ak Finansye OIF la.

Pandan 134yèm sesyon Konsèy Pèmanan Frankofoni an, yo te eli Ayiti nan tèt Komisyon Administratif ak Finansye (CAF) Òganizasyon Entènasyonal Frankofoni (OIF) pou yon manda yon lane.

‎Anons la tonbe nan jounen jedi 22 oktòb 2026 la, atravè yon nòt ofisyèl Anbasad Ayiti an Frans lan pibliye sou paj Facebook li. Se yon nouvèl ki pote yon gwo onè ak yon vizibilite pozitif pou peyi a nan espas frankofòn nan.

‎Nan kad manda yon lane sa a, Ayiti pral gen pou li travay kole kole ak lòt manm komisyon an pou garanti yon jesyon solid ak transparan. Pami devwa ki sou do komisyon an, nou jwenn:

‎Evalye ak anpil rigòt previzyon bidjè OIF la.

‎Swiv ak anpil atansyon fason bidjè a ap depanse nan diferan pwogram òganizasyon an.

‎Veye pou tout nòm ak pwosedi finansye yo aplike ak strik respè nan tout aktivite yo.

About Emmanuel Hubert

Check Also

Équateur : Arrestation explosive de Luisa González, l’opposition crie à la « dictature »

L’arrestation de l’ancienne candidate à la présidence équatorienne Luisa González, annoncée jeudi par la police …

Laisser un commentaire

Votre adresse e-mail ne sera pas publiée. Les champs obligatoires sont indiqués avec *

Partager
Partager