AYITI/REVANDIKASYON: ANPLWAYE CNE YO ADRESE YO AK PREZIDAN KONSÈY PREZIDANSYÈL CHAK MOUN FÈ TI KOUT LA E PREMYE MINIS DEFAKTO A.

Nan yon konferans pou laprès jounen vandredi 13 desanm 2024 la, anplwaye CNE yo nan tèt kole ak prezidan sendika enstitisyon sila, Wildrick Séjour adrese yo ak prezidan konsèy prezidansyèl chak moun fè ti kout la, Leslie Voltaire ak premye minis defakto a, Alix Didier Fils-Aimé.

Nan adresman sila yo mande pou voye je gade enstitisyon an ke ansyen premye minis defakto, Garry Conille te ap eseye kraze pandan non li te site nan yon rapò ULCC sou koripsyon ki te fèt nan bwat la kote li ta detounen plizyè materyèl CNE. Prezidan sendika a, Wildrick Séjour ki te pran lapawòl mande nouvo premye minis defakto a ak mouche Voltaire pou di mo pa yo nan dosye a.

Pi lwen yo mande arestasyon ansyen premye minis defakto a Garry Conille e tou pwofite okazyon an pou mande nouvo gouvènman defakto a pou peye yo 4 mwa yo dwe yo, katòzyèm nan ak bonis yo.

Yon lòt bò yo anonse si yo pa pran revandikasyon anplwaye CNE yo an chaj, nan jou ki ap vini la yo yo pral tanmen plizyè lòt mouvman nan tout peyi a paske gen nan anplwaye yo ki nan gwo tèt chaje ki ap dòmi nan lari akoz bandi mete yo deyò lakay yo, genyen ki pa ka voye pitit yo lekòl pou repete kèk nan revandikasyon yo.

Apwopo Emmnanuel Hubert

Ou ka gade tou

Ayiti/Edikasyon/krim: Plizyè paran elèv mè Lali denonse lekòl sila ki deside met pye sou kou yo.

Plizyè paran elèv « Institution Sainte Rose de Lima » ke tout moun konnen sou non « mè …