Ayiti/Vyolans/Kenskòf: Monseyè Pierre André Dumas voye yon mesaj klè bay Gouvènman defakto a.

Monseyè Pierre André Dumas, Evèk dyosèz Ansavo ak Miragwàn nan, leve vwa l byen wo pou li denonse ak tout fòs li masak bandi sot komèt nan komin Kenskòf la. Nan yon lèt tou louvri li voye bay Premye minis defakto a, Alix Didier Fils-Aimé ansanm ak tout manm gouvènman an, sèvitè Bondye a pa met dlo nan bouch li pou li voye yon demand aksyon prese prese bay otorite yo.

​Fas ak sitiyasyon laterè sa a ki kontinye ap plonje fanmi yo nan lapèn, Monseyè Dumas poze yon kesyon ki ta dwe touche konsyans lidè yo: « Konbyen moun ki dwe mouri ankò pou pwoteksyon lavi moun ka vin premye priyorite Leta? »

​Pou Evèk Nip la, sitiyasyon an rive nan yon pwen kote popilasyon an pa kapab ankò. Li mande gouvènman an pou l mete sou pye san pèdi tan yon plan nasyonal ijans pou sekirite a. Li egzije tou pou tout fòs legal peyi a mobilize san rete pou bloke menm kote a tout lòt tantativ masak ak vyolans nan kominote yo.

​Pandan l ap ankouraje otorite yo pran responsabilite yo, Monseyè Dumas voye yon avètisman ki klè anpil bay pouvwa an plas la: « Lè a pa nan pale anpil ankò, li nan aksyon. » Li raple se devwa prensipal Leta pou li deplwaye tout mwayen ki nesesè pou pwoteje lavi ak byen chak sitwayen nan peyi a.

About Emmanuel Hubert

Check Also

États-Unis : la Cour suprême bloque les règles strictes de l’administration Trump pour le vote par correspondance

La Cour suprême des États-Unis a infligé, lundi 14 septembre, un revers majeur à l’administration …

Laisser un commentaire

Votre adresse e-mail ne sera pas publiée. Les champs obligatoires sont indiqués avec *

Partager
Partager