Nan yon nòt pou laprès ki soti lendi 23 fevriye 2026 la, òganizasyon politik RES AYITI, ki gen nan tèt li Michelet Baptiste, mande pou tout fòs viv peyi a mete tèt yo ansanm. Objektif la se rive òganize eleksyon ki kredib pou peyi a ka jwenn yon pouvwa lejitim …
Read More »Meksik/Dèy nan Oaxaca: De ti fi ayisyen mouri anndan yon fwaye akèy nan peyi Meksik
Kominote ayisyen an nan peyi Meksik nan gwo dèy, apre de ti fi ayisyen pèdi lavi yo nan yon sant akèy nan Leta Oaxaca, nan sid peyi a. Se nan yon fòs septik otorite yo jwenn kò san rache de ti moun sa yo ki te ap viv nan sant …
Read More »Ayiti/Kontra 542 milyon dola ak konpayi Erik Prince la: Yon kout kouto nan do lalwa ak transparans nan peyi Dayiti?
Pandan peyi a ap debat anba yon kriz sekirite san parèy, yon gwo dosye lajan Leta ap fè dlo koule nan je moun ki kwè nan transparans. Rezo Ayisyen Jounalis Anti-Kòripsyon (RHAJAC) leve vwa li byen fò pou li denonse yon kontra 542 634 238 dola ameriken Leta siyen ak …
Read More »Lemonn/Tansyon wo ant Kiba ak Etazini: 4 moun mouri nan yon konfwontasyon sou lanmè.
Ministè Enteryè peyi Kiba anonse mèkredi 25 fevriye 2026 la, yon gwo ensidan ki rive nan dlo teritoryal zile a, kote gad kòt kiben yo te antre nan gwo goumen ak yon bato ki gen imatrikilasyon Florid. Bilan an lou: kat (4) moun mouri epi sis (6) lòt blese bò …
Read More »Otorite Okap yo ap dòmi, pèp la ap neye : Yon katastwòf ki te ka evite
Depi douvan jou maten maten 24 fevriye 2026 la, vil Okap reveye ak dlo nan vant. Gwo lapli ki tonbe sou vil la lakòz gwo inondasyon ki paralize tout aktivite. Lekòl fèmen, komès bloke, ak lari a ki tounen veritab lakou dlo. Men, pi lwen pase kòlè lanati, se kòlè …
Read More »Lemonn/G7: Lidè yo kanpe djanm dèyè Ikrèn, Donald Trump ap pouse pou yon chita-tande pou lapè
Nan okazyon katriyèm ane depi Larisi te anvayi peyi Ikrèn, lidè sèt pi gwo pwisans ekonomik mondyal yo (G7) pibliye yon deklarasyon konjwen jounen madi 24 fevriye 2026 lan. Nan dokiman sa a, yo sèmante yo gen yon « soutyen san fay » pou pèp ikrenyen an nan batay li ap mennen …
Read More »Ayiti/Remaniman: Serge Gabriel Colin pran tèt Ministè Finans
Nan yon mouvman ki montre volonte li pou li akselere aksyon gouvènman an, Premye Minis Alix Didier Fils-Aimé anonse premye seri nominasyon nan nouvo kabinè minis li a. Se yon ekip li chwazi baze sou sa li rele « teknokrasi » pou eseye redrese barak la. Gwo nouvèl ki domine …
Read More »Ayiti/Kidnapin: Yon operasyon PNH ki kite anpil kesyon ap poze malgre liberasyon otaj la
Yon gwo operasyon Lapolis Nasyonal Ayiti (PNH) dewoule jounen lendi 23 fevriye 2026 lan nan plizyè zòn nan komin Dèlma, apre anlèvman sitwayen Aji Aun Habib nan zòn Dèlma 48. Si lapolis rive libere otaj la epi fè gwo dega nan kan kidnapè yo, gen anpil detay nan dosye sa …
Read More »Haïti /Accord: Un « Pacte national » pour sceller la fin de la transition et le retour aux urnes.
Sous les dorures de la Primature, une étape décisive a été franchie ce lundi 23 février 2026. Le « Pacte national pour la stabilité et l’organisation des élections », fruit de mois de tractations entre la classe politique et la société civile, a été officiellement présenté au public après sa …
Read More »Ayiti/Rara: Pa gen Rara pou ane 2026 la poutèt sekirite a ki ap degrade
Nan yon nòt ofisyèl ki tonbe tankou yon kout mas nan do kilti ayisyen an, otorite minisipal yo nan vil Lewogàn anonse yo entèdi tout aktivite Rara pou sezon 2026 la. Desizyon sa a pran aprè yon analiz byen fon sou sitiyasyon sekirite peyi a ki ap deteryore chak jou …
Read More »
Echojounal echojounal.net