Minis espò peyi Iran an, Ahmad Donyamali, anonse jodi mèkredi 11 mas 2026 la, seleksyon nasyonal li a pap patisipe nan Koup dimond foutbòl ki ap fèt Ozetazini, nan peyi Kanada ak Meksik nan mwa jen ki ap vini la a.
Se yon kout loraj nan syèl klè. Pandan tout planèt la te ap tann gwo randevou foutbòl sa a, gouvènman iranyen an deside koupe fache ak konpetisyon an. Minis Donyamali deklare byen fò ke « kondisyon aktyèl yo » pa pèmèt jwè iranyen yo mete pye sou tè ameriken.
Dapre deklarasyon minis lan, desizyon sa a lye dirèkteman ak gwo kriz ki genyen ant Teheran ak Washington. Li lonje dwèt sou sekirite jwè yo li di ki pa garanti, men sitou sou gwo kòlè peyi li apre evènman trajik ki te pase nan fen mwa fevriye a, kote lidè siprèm yo a te pèdi lavi li nan yon atak yo atribiye ak fòs ameriken yo.
»Nou pa ka al jwe foutbòl kay yon lènmi ki ap atake peyi nou. Onè pèp iranyen an pase anvan espò, » se sa Minis la te deklare nan mikwo laprès leta nan peyi li.
Iran te sipoze jwe nan Gwoup G kont peyi Bèljik, Ejip ak Nouvèl Zelann. Match yo te dwe fèt nan vil Los Angeles ak Seattle. Avèk rale kò sa a, FIFA twouve li nan yon gwo tèt chaje :
- Ranplasman : Èske FIFA ap rele yon lòt ekip nan zòn Azi a (tankou Irak oswa Emira Arab Ini) pou pran plas Iran an?
- Sanksyon : Iran riske yon sanksyon sevè ki ka anpeche li jwe tout lòt konpetisyon entènasyonal pandan plizyè ane.
- Sekirite : FIFA ak gouvènman ameriken an poko reyaji ofisyèlman sou kesyon sekirite minis la soulve a, men sa ka bay lòt peyi ki pa zanmi Etazini kè sote tou.
Pandan Donald Trump ap prepare li pou li resevwa mond lan nan kèk mwa, bòykòt sa a raple move souvni lagè frèt la kote spò ak politik te toujou ap melanje. Pou kounye a, fanatik foutbòl nan peyi Iran yo nan gwo tristès, yo ki t ap tann pou wè ekip yo a briye nan pi gwo nivo a.
Echojounal echojounal.net