Gaz la moute nan mitan kriz: Leta chwazi taye nan bous malere yo, nan yon peyi ki livre bay gang

Pandan popilasyon ayisyen an ap bat dlo pou fè bè nan mitan yon kriz ekonomik ak sekirite ki san parèy, Ministè Ekonomi ak Finans deside retire moso pen ki te rete nan bouch yo a. Malgre yon ti diminisyon tou piti yo te fè sou pri pwodui petwolye yo sa pa gen lontan, otorite defakto yo chwazi dat 10 out 2026 la pou yo pase yon gwo kout kouto nan bous chak fanmi : pri galon gazolin nan sot nan 650 pou rive 700 goud (yon ogmantasyon 50 goud), gasoil la moute 700 goud (70 goud anplis), epi kewozèn nan, ki sèvi anpil moun nan zòn popilè yo, rive nan 765 goud (75 goud anplis).

Desizyon sa a tonbe tankou yon kout fizi nan do pèp la, sitou nan yon moman kote paran yo ap reflechi ki jan pou yo peye lekòl, achte liv ak inifòm pou timoun yo. Pandan gouvènman an konnen byen pwòp ke yon ogmantasyon sou pri gaz la vle di yon ogmantasyon dirèk sou pri transpò ak tout pwodui premye nesesite sou mache a, li chwazi ajoute sou chay ki deja ap kraze do malere ak malerèz yo.
Sa ki pi rèd la, desizyon sa a ap pran nan yon levasyon kote Leta sanble demisyone nèt devan kriz sekirite a. Antrepriz yo ap fèmen pòt yo, peyi a bloke, epi gang ame yo ap pran plis teritwa chak jou. Bandi ap miltipliye pòs peyaj sou tout gwo aks woutyè yo, ap piye, ap pouse do moun nan tout kartye, epi kidnaping tounen yon biznis ki ap mache alèz san okenn repons konkrè nan men otorite yo. Kot zak vyolans sa yo deja fè lavi a vin pi chè pou chak ayisyen, epi kounye a se Leta li menm ki vin mete pa l nan goumen ak yon pèp ki pa kapab ankò.

Lè ou gade jan sitiyasyon an ye a, moun gen dwa mande tèt yo : pou ki moun gouvènman sa a ap travay amètnan ? Ki jan yon fanmi ki pa ka ale nan travay an sekirite, ki dwe peye peyaj bay bandi nan lari, epi ki pa ka voye pitit li lekòl an sekirite, pral fè sipòte yon lòt ogmantasyon sou gaz la ?

Desizyon sa a se yon prèv klè kote dirijan yo deploge nèt ak reyalite pèp la. Olye yo pote solisyon pou bloke rekritman ak pwogresyon bandi yo, oubyen pou yo pote yon soulajman ekonomik pou ouvèti klas la, se pito sou do popilasyon ki pi ba a yo chwazi mete plis pwa. Yon politik konsa pa jis pa popilè, li se yon ensilte pou soufrans pèp ayisyen an.

About Emmanuel Hubert

Check Also

Environnement : Le PAIEC passe à l’étape supérieure avec le lancement des formations

Le Programme d’Appui aux Initiatives Environnementales Citoyennes (PAIEC), initié par le Ministère de l’Environnement (MdE), …

Laisser un commentaire

Votre adresse e-mail ne sera pas publiée. Les champs obligatoires sont indiqués avec *

Partager
Partager