Nan yon entèvyou ki pase dimanch 15 mas 2026 sa a sou chèn Ameriken CBS, Minis Afè Etranjè peyi Iran an, Abbas Araghchi, voye jete byen lwen posiblite pou gen yon dyalòg ak Washington, malgre deklarasyon Prezidan Donald Trump ki fè kwè yon akò prèt pou jwenn.
Pandan tansyon yo ap monte pi rèd nan mwayen oryan an, chèf diplomasi iranyen an pa te pase pa kat chemen nan emisyon « Face the Nation ». Dapre li, pa gen okenn sans pou Iran chita bò tab ak Ameriken yo nan moman sa a.
Rezon prensipal ki pouse Teheran pran pozisyon sa a, dapre Abbas Araghchi, se istwa resan ant de peyi yo. Li raple ke pandan yo te ap negosye, Etazini te deside atake yo.
« Nou pa wè okenn rezon pou nou negosye ak Ameriken yo paske nou te nan mitan diskisyon ak yo lè yo te deside atake nou. Se dezyèm fwa sa rive, » se sa minis la deklare ak anpil fèmte.
Araghchi te fè referans ak operasyon militè Etazini te lanse nan mwa jen 2025 lan, yon moman kote diplomat de (2) bò yo te ap chèche yon antant. Pou li, aksyon sa a montre ke Washington pa yon patnè serye nan diskisyon yo.
Yon kontradiksyon total ak Donald Trump
Deklarasyon sa a rive kèk tan apre Prezidan Donald Trump te asire ke Iran nan yon pozisyon kote li « vle jwenn yon akò » pou mete fen nan lagè ki ap ravaje rejyon an.
Pandan Trump ap prezante sitiyasyon an kòm si Iran ap chèche yon pòt soti, reyalite sou teren an ak pawòl diplomat iranyen yo montre yon lòt figi: yon Iran ki pi rèd e ki pa prèt pou li fè bak malgre presyon militè ak ekonomik yo.
Yon sitiyasyon ki ap vin pi grav
Nan kad entèvyou sa a tou, Araghchi konfime ke anpil nan enfrastrikti nikleyè peyi l la anba dekonm apre atak yo, sa ki rann nenpòt diskisyon sou limitasyon pwogram sa a pi konplike toujou.
Pandan lagè a ap kontinye e atak yo ap miltipliye nan rejyon an, kominote entènasyonal la ap gade ak anpil kè sote jan chans pou lapè a ap diminye chak jou pi plis ant de (2) gwo pwisans sa yo.
Echojounal echojounal.net