Nan yon memorandòm nèf paj li pibliye nan dat 30 septanm 2026 la, Lakou Siperyè dèKont ak Kontansye Administratif (CSCCA) raple tout enstitisyon Leta yo enpòtans pou yo respekte lalwa ak prensip yo lè yo ap siyen kontra pou ane fiskal 2026-2027 la. Dokiman sa a pote siyati prezidan enstitisyon an, Mèt Rogavil Boisguéné.
Inisyativ sa a vize mete lòd ak dresay nan fason leta ap depanse lajan piblik yo. Men prensipal pwen CSCCA yo :
* Avis anvan ekzekisyon : Tout kontra ki gen yon karaktè finansyè oubyen komèsyal dwe jwenn avi CSCCA anvan menm yo kòmanse ekzekite yo.
* Kontra ki deja kòmanse : Lakou a klè sou sa : li pap bay okenn opinyon ni valide okenn kontra ki deja ekzekite oubyen ki sou wout pou ekzekite.
* Dokiman obligatwa yo : Dosye yo dwe konplè. Yo dwe genyen tout pyès legal ak fiskal ki nesesè yo, enfòmasyon klè sou moun ki benefisye kontra yo vre (bénéficiaires effectifs), ak tout done enpòtan ki konsène kontra a.
* Wòl CNMP a : Pou kèk kalite mache piblik, enstitisyon yo dwe oblije jwenn tou avi Komisyon Nasyonal Mache Piblik yo (CNMP) anvan yo voye dosye a bay CSCCA.
Lè li raple règleman sa yo, CSCCA vle asire transparans nan fason yo jere resous peyi a epi evite dezòd nan administrasyon piblik la pou nouvo ane fiskal sa a.
Echojounal echojounal.net