Premye minis defakto a, Ariel Henry òganize jounen madi 11 janvye 2022 yon konsèy siperyè polis nasyonal ( CSPN) nan tèt kole ak chèf Lapolis la epi Eta majò lame a sou koze ensekirite a ki ap brase bil peyi a. Yon lòt konsèy siperyè polis nasyonal (CSPN) fèt sou …
Li Plis »AYITI/ASASINA: RUDOLPHE JAAR KONTINYE AP METE KAKA CHAT DEYO NAN DOSYE ASASINA ANSYEN PREZIDAN JOVENEL MOISE LA.
Yon lòt rebondisman nan dosye lanmò Jovenel Moïse la. Aktyèl chèf Lapolis Nasyonal Dayiti, Frantz Elbé, te okouran plan asasina Jovenel Moïse la, daprè revelasyon Rudolph Jaar. Chèf Lapolis Nasyonal Dayiti, Frantz Elbé, te patisipe nan yon reyinyon konplo ki te fèt pou asasinen ansyen chèf Leta peyi Dayiti a, …
Li Plis »AYITI/POLITIK: MILITAN SEKTÈ DEMOKRATIK AK POPILÈ RELE CHALBARE DÈYÈ ANDRE MICHEL AK NENEL CASSY
André Michel, nan tèt kole ak sektè ki pote non sektè demokratik e popilè a konnen yon move moman jounen lendi 10 janvye 2022 an anba men militan yo ki te move kou kong. Sityasyon sa rive, nan moman André Michel ta pral eseye bay yon konferans pou laprès ak …
Li Plis »AYITI/HMI/ZEN: GWO BOUCH LOUVRI METE PYE ANT CAREL PEDRE AK ROBERTO MARTINO
Lane 2022 a sanble p ap diferan de lane 2021 an nan zafè zen ki ap plede brase bil endistri mizik ayisyen an. Nan yon twit li fè, Carel Perdre mande Roberto Martino, lid vokal T-Vice, pou li poste yon videyo kote fanatik li yo ap chante mizik li yo …
Li Plis »AYITI ENSEKIRITE : OBSÈVATWA AYISYEN POU DWA AK LIBÈTE LAPRÈS MANDE JISTIS POU DE (2) JOUNALIS KI TE TONBE ANBA BAL BANDI.
Nan yon nòt pou laprès Obsèvatwa Ayisyen pou dwa ak libère laprès ki gen pou sig nan lang franse (OHDLP) mete deyò samdi 8 janvye 2022 a, yo mande jistis pou de (2) jounalis yo, John Wesley Amady ak wilgens Louissaint ki te tonbe anba bal bandi moun pa rive …
Li Plis »AYITI/ASASINA: YON JOUNAL NAN PEYI ETAZINI BAY YON PIL DETAY SOU YOUN NAN PREZIME ASASEN JOVENEL MOISE YO.
Jounal ameriken » Miami Herald », mete disponib yon pil enfomasyon sou Rodolph Jaar, ki se youn nan prezime asasen defen prezidan Jovenel Moïse, ki te jwenn arestasyon li nan peyi Sendomeng pandan semèn lan. Daprè sa redaktè nan » Miami Herald » yo ekri, Rodolph Jaar alyas » Dodof » te gen …
Li Plis »AYITI/RIMÈ: YON KOMISÈ POLIS NAN PEYI BAYAMAS METE OLA NAN YON RIMÈ KI TAP KOURI NAN LAKOU PEYI DAYITI.
Komisè wayal Bayamas polis la, Paul Rolle mete yon bout nan rimè ki tap kouri nan lakou peyi Dayiti sou arestasyon prezime asasen Jhon Joel Joseph, nan peyi Bayamas. Komisè polis la, nan yon twit fè konnen se pa vre, yo pa arete Jhon Joel Joseph jan bri a ap …
Li Plis »AYITI/ENSEKIRITE: BANDI KIDNAPE TWA (3) NAN AJAN SEKIRITE PREZIDAN SENA A JOSEPH LAMBERT.
Prezidan sena a, Joseph Lambert pèdi twa (3) nan ajan sekirite li yo nan lannwit samdi 8 janvye 2022 a a sèlman yon jou pou lendi 10 janvye 2022 a Sityasyon sa rive nan riyèl Rivyèl, selon enfòmasyon nou rive jwenn, bandi yo friz machin sekirite yo te ladann nan …
Li Plis »AYITI/ENSEKIRITE: BANDI PRAN YON BIS JEAN RABÈL AK TOUT MOUN LADANN.
Byen bonè samdi 8 janvye 2021 an, bandi ak gwo zam fanm fwa pran yon bis « Saint Jean Baptiste » ak tout moun ladann nan zòn « La croix Perisse » ki chita kò li nan depatman Latibonit. Bis sila tap soti nan komin Jan Rabèl pou rantre nan kapital la, selon enfo …
Li Plis »AYITI/ENSEKIRITE: YON ANSYEN KOMISÈ POLIS AK TOUT SEKIRITE LI TONBE ANBA BAL.
Ansyen komisè polis, Colls Rameau tonbe anba bal kriminèl yo pa rive idantifye jounen samdi 8 janvye 2022 a pa twò lwen mache Salomon. Ansyen komisè a ki te gen avèk li yon ajan sekirite resevwa plizyè bal selon enfòmasyon nou rive jwenn de moun nan zòn nan, yon ti …
Li Plis »