Kriz ak Demokrasi: Poukisa Konsèy Elektoral Pwovizwa (KEP) a pa dwe tounen jwèt nan men pyès sektè politik

Nan moman kote peyi a ap chèche yon chimen pou soti nan kriz ki ap sakaje li depi plizyè lane, kesyon òganizasyon eleksyon yo retounen nan sant tout koze. Nan mitan deba sa yo, gen yon enstitisyon ki jwe wòl poto mitan: Konsèy Elektoral Pwovizwa (KEP). Men, pandan enstitisyon sa a ta dwe yon senbòl konfyans, li tounen yon tèren kote plizyè aktè politik ap goumen pou kontwole li pou pwòp enterè pa yo.

Kisa KEP a ye egzakteman? Poukisa li si enpòtan konsa, e ki danje ki genyen lè nou ap chèche mete li nan pòch nou?

Misyon ak Otorite KEP a: Jij ak Pati nan Jwèt Demokratik la
Dapre Lespri Konstitisyon 1987 la, KEP a se sèl enstitisyon ki gen responsabilite pou li òganize ak kontwole tout operasyon elektoral yo sou teritwa nasyonal la. Misyon li klè tankou dlo kokoye:

* Asire eleksyon yo fèt nan libète, onètete, ak transparans.
* Garantit ke vwa chak sitwayen konte san fòs kote.
* Tranche kòm tribinal elektoral sou tout kontestasyon ki gen rapò ak vòt yo.

Otorite KEP a pa gen parèy nan moman eleksyon yo. Desizyon li yo sou rezilta vòt yo san apèl; sa vle di, pa gen okenn lòt tribinal nan peyi a ki ka chanje sa KEP a deside sou kesyon elektoral. Se yon gwo pouvwa ki mande anpil sajès, entegrite, ak endepandans.

Poukisa Enstitisyon sa a si Enpòtan?
Sove manman lwa peyi a ak estabilite politik la depann dirèkteman de kredibilite KEP a. Lè yon KEP travay byen, li bay peyi a lidè lejitim (Prezidan, Senatè, Depite, Majistra) ke pèp la chwazi tout bon vre. Yon KEP ki fò e ki endepandan se garanti pou nou evite kriz apre eleksyon, manifestasyon vyolan, ak koudeta. Se li ki sipoze kle ki ap louvri pòt estabilite ak devlopman ekonomik.

Malerezman, reyalite nou ap viv la lwen ideyal sa a. Depi plizyè deseni, nou asiste a yon jwèt koken kote gouvènman ki sou pouvwa a, opozisyon an, ak sèten branch nan sektè prive a oubyen nan sosyete sivil la, ap rale kòd pou yo ka mete moun pa yo nan Konsèy la.

Yon manm KEP pa la pou li reprezante enterè sektè ki te voye l la, li la pou li sèvi nasyon an.

Vle kontwole KEP a pou pwòp tèt pa w, se chèche vòlè vwa pèp la anvan menm eleksyon yo kòmanse. Se yon pratik ki montre aklè gwo mank matirite politik lakay lidè nou yo, ki pito itilize kout bwa ak kout kouto elektoral pase pou yo prezante pwojè sosyete solid ki ka konvenk votè yo.

Chache kontwole enstitisyon sa a pou enterè pèsonèl se yon zak kriminèl kont demokrasi a. Sa lakòz:
1. Pèdi konfyans: Pèp la boude bwat vòt yo paske yo konnen jwèt la deja fiks.
2. Gaspiyaj lajan: Lajan leta ak lajan kominote entènasyonal la depanse nan eleksyon tounen lafimen.
3. Kriz san fen: Nou toujou ap rekòmanse tranzisyon sou tranzisyon paske moun ki monte sou pouvwa yo pa gen lejitimite.

Peyi a pa ka kapab sipòte yon lòt eleksyon magouy ankò. Li lè li tan pou aktè politik yo sispann gade KEP a tankou yon gato yo ap separe, oubyen tankou yon zam pou yo elimine advèsè yo.

Pou nou soti nan twou sa a, fòk moun ki ap antre nan KEP a se moun ki gen kolòn vètebral, moun ki gen moralite ak konpetans, ki kapab di « NON » lè presyon an mete pye. Se sèl lè nou a genyon Konsèy Elektoral ki vrèman endepandan nou a kapab pale de demokrasi tout bon vre nan peyi Dayiti.

About Emmanuel Hubert

Check Also

Hépatopathie : quand le foie souffre en silence

Le foie est l’usine chimique de notre corps, assurant plus de 500 fonctions vitales. Pourtant, …

Laisser un commentaire

Votre adresse e-mail ne sera pas publiée. Les champs obligatoires sont indiqués avec *

Partager
Partager