Kriz politik nan peyi Senegal: Ousmane Sonko tounen an fòs kòm Prezidan asanble nasyonal apre yo te fin revoke li

Se yon gwo tòchon ki ap boule nan somè leta a nan peyi Senegal. Sèlman kat jou apre Prezidan Bassirou Diomaye Faye te fin revoke li kòm Premye Minis, Ousmane Sonko fè yon gwo koudeta politik madi 26 me 2026 sa a: li fenk eli kòm nouvo prezidan Lasanble Nasyonal peyi a.

Diverjans ki te genyen depi plizyè mwa ant de gwo tonton lidè sa yo sou fason pou jere kriz dèt la ak refòm ekonomik yo pete nan figi tout moun. Sa ki te kòmanse tankou yon divòs politik brital tounen yon gwo tèt chaje enstitisyonèl kounye a.

Vandredi 22 me ki sot pase a, Prezidan Diomaye Faye te pran desizyon pou li mete fen nan fonksyon Ousmane Sonko epi li te kraze gouvènman an. Pou ranplase li nan tèt Primati a, se ekonomis Ahmadou Al Aminou Lo li te chwazi.

Men, estrateji lidè pati PASTEF la pa te pran tan pou li bay rezilta. Piske pati li a gen yon majorite kraze-brize nan palman an, Ousmane Sonko te reprann syèj li kòm depite epi li te prezante tèt li pou li pran direksyon chanm lan. Li te sèl kandida ki te rete nan kous la apre El Malick Ndiaye te fin retire kò l. Sonko genyen eleksyon an fasil fasil ak 132 vwa sou 165 depite ki gen nan Lasanble a, pandan opozisyon an li menm te chwazi pa patisipe nan vòt la.

Nan premye diskou li te fè apre enstalasyon li, Ousmane Sonko te eseye kalme tansyon yo:

« Nou pa la pou nou fè lagè ak prezidan Repiblik la », se sa li te deklare, pandan li te pwofite raple asanble nasyonal pral jwe wòl kontwòl li nèt ale sou aksyon gouvènman an.

Malgre pawòl sa yo, reyalite politik la klè: kounye a, Sonko gen nan men li yon gwo levye enstitisyonèl pou li fè balans ak pouvwa egzekitif la. Li gen kapasite pou li bloke oubyen oryante tout lwa gouvènman an ap bezwen pase. Peyi Senegal antre ofisyèlman nan yon peryòd « kowabitasyon » ki pral gen gwo konsekans sou plan politik ak ekonomik, anba je kominote entènasyonal la ki ap swiv sitiyasyon an ak anpil enkyetid.

About Emmanuel Hubert

Check Also

Haîti/Insécurité: L’insécurité fait une nouvelle victime à Bourdon.Jusqu’à quand le silence complice des autorités ?

Le sang a encore coulé ce mardi matin 26 mai 2026 dans la capitale. L’assassinat …

Laisser un commentaire

Votre adresse e-mail ne sera pas publiée. Les champs obligatoires sont indiqués avec *

Partager
Partager