Dis jou apre yon masak san manman fin depase limit nan zòn Jean Denis, dlo nan je popilasyon an tounen san, men Leta rete bèbè. Pandan bandi ak zam ap dechèpiye grenye peyi a, sèl repons gouvènman an bay pèp la se yon ogmantasyon pri gaz ki vin koupe souf sa ki te rete vivan yo.
Yon Silans ki santi Konplisite
Sa ki pase Jean Denis a se pa yon senp aksidan, se yon masak planifye ki fèt anba je otorite yo ki chita nan biwo kleren nan Pòtoprens. Dis jou apre, pa gen okenn vizit ofisyèl, pa gen sekou pou blese yo, epi pa gen okenn plan sekirite serye ki deplwaye pou pwoteje rès abitan yo ki ap kouri kite kay yo.
Lè yon gouvènman chwazi silans devan laterè, sa pa rele neglijans ankò, sa rele konplisite. Kijan yon ti gwoup kriminèl ka kenbe tout yon depatman an otaj si pa gen gwo zotobre ki ap voye zam ak bal ba yo?
Gaz la monte, San pèp la ap koule
Pandan popilasyon an ap mande sekirite ak jistis, gouvènman an jwenn kouraj ak « enèji » pou li ogmante pri gaz la. Nan yon peyi kote grangou ap taye banda, desizyon sa a parèt tankou yon dezyèm masak sou nivo ekonomik.
* Sekirite? Anyen menm.
* Sipò imanitè? Peyi san chapo.
* Taks ak ogmantasyon? Se la gouvènman an pi fò.
Sa montre aklè kote priyorite mesye dam yo chita: yo pa la pou sèvi pèp la, yo la pou peze souse sa ki rete nan pòch malere pandan yo ap kite gang yo fini ak sa ki rete nan lavi yo.
Ki enterè kache ki gen nan Latibonit?
Latibonit se kè pwodiksyon diri ak agrikilti nan peyi a. Lè yo kite gang « Grand grif » ak lòt gwoup kriminèl detwi zòn sa a, se pa sèlman moun yo ap touye, se souvrannete alimantè peyi a yo ap fini avè li.
« Lè Leta pa di anyen, se paske li dakò. Lè Leta pa aji, se paske li gen enterè nan dezòd la. » – Yon abitan Jean Denis ki sove ak sèl rad ki sou li.
Kesyon an poze: Èske destabilizasyon Latibonit la se yon estrateji pou fòse peyi a depann nèt de enpòtasyon? Èske se yon fason pou kraze fòs peyizan yo pou yo pa janm ka revonidike dwa yo?
Istwa pap padone trèt sa yo ki ap gade san ki ap koule san yo pa fè yon pa. Gouvènman sa a montre figi li kòm yon administrasyon ki pa gen okenn anpati pou doulè pèp la. Ant atak gang yo ak desizyon ekonomik kriminèl yo, popilasyon Latibonit la santi li kwense nan yon pèlen kote Leta ak gang ap travay men nan men pou fini ak rès nasyon an.
Latibonit pap bliye. Jean Denis ap mande jistis. E jistis sa a, se pa nan bouch yon Leta konplis li ap soti, se nan fòs ak tèt ansanm popilasyon an.
Echojounal echojounal.net