Lemond/Zen: Gwo deblozay pete nan peyi Nepal apre gouvènman an te pran desizyon pou entèdi plizyè aplikasyon rezo sosyo.

Gwo deblozay pete nan peyi Nepal apre gouvènman an te pran desizyon pou entèdi nan peyi a plis pase 26 aplikasyon rezo sosyo.

Yon nouvèl ki pat sonnen twò byen nan zòrèy popilasyon an, yo pran lari pou di non yo pa dakò, lapolis fè yon entèvansyon brital pou pi piti 19 moun mouri, plis pase 500 lòt blese an replik, popilasyon an fè anpil dega yo mete dife nan palman an, yo boule machin, yo met dife nan plizyè kay chèf e mande gouvènman an pou rache manyòk.

Malgre « Couvre feu » popilasyon pran lari ap chache kay chèf yo pou boule, selon enfo yo yon madan chèf pase anba dife, sa ki pouse anpil chèf oblije ap pran avyon, elikoptè pou yo al kache nan lòt peyi ak nan zòn pwovens yo.

Demisyon premye minis Khadga Prasad Sharma Oli pa kalme kolè popilasyon an, yo mande demisyon tout gouvènman an. jounen madi 9 septanm 2025 lan, popilasyon an te toujou nan lari ap fè dega.

Pami aplikasyon gouvènman an te vle entèdi yo nou jwenn whatsapp, facebook, youtube, instagram pou site sa yo.

 

 

 

 

 

About Echojounal

Laisser un commentaire

Votre adresse e-mail ne sera pas publiée. Les champs obligatoires sont indiqués avec *

Partager
Partager