Mondyal 2026: Lespay ak Ajantin Fas a fas pou Kouwòn Mondyal 2026 la! Tout ti detay sou 2 ekip yo.

MetLife Stadium nan New Jersey ap tounen yon gwo chodyè ki ap bouyi kote Lèspay ak Ajantin pral goumen pou yo konnen kilès ki ap leve gwo gode lò Mondyal 2026 la. Se pa sèlman yon senp match foutbòl, se yon batay ant eksperyans ak jeni Lionel Messi kont jèn foug ak disiplin taktik Lamine Yamal.

Avan de seleksyon sa yo kwaze pye sou teren an, istwa a montre nou de ekip ki prèske gen menm fòs nan nivo estatistik:

Espay patisipe nan Mondyal 17 fwa, yo chanpyon yon fwa nan lane 2010.
Ajantin patisipe 18 fwa li chanpyon 3 fwa( 1978, 1986, 2022)

Ajantin kwaze ak Espay 14 fwa deja: yo chak gen 6 viktwa e yo fè 2 match nil.

Pakou De Ekip Yo nan Mondyal 2026 sa a.
Karyè de finalis sa yo pou yo rive New Jersey pa te menm ditou. Youn pase nan kontwòl ak metriz, lòt la pase nan gwo emosyon ak soufrans.

🇪🇸 Lespay: Yon Miray Defansif ki Poko ka Kraze
Ekip Luis de la Fuente a rive nan final la san li pa pèdi yon sèl match e avèk yon mètriz taktik ki enpresyone tout moun. Apre yo fin pase faz gwoup la byen fasil, men pakou yo nan faz eliminatwa a:
Sèzyèm de final (1/16): Yo baleye Otrich (3-0).
Uityèm de final (1/8): Yo bat Pòtigal (1-0) nan yon match ki te sere anpil.
Ka de final : Yo ranpòte laviktwa (2-1) kont Bèljik.
Demi-final: Yo bay Lafrans yon leson foutbòl ak yon viktwa (2-0) kote yo te domine jwèt la nèt.
⚽ Bilan Gòl: Lèspay make 9 gòl nan faz eliminatwa a epi yo pran sèlman 1 gòl! Unai Simón gen 6 match kote yo pa make l okenn gòl (clean sheets).

🇦🇷 Ajantin: « La Scaloneta » Konn Ki Jan Pou li Soufri
Pou chanpyon an tit la, chemen an te chaje ak gwo tonton tèt chaje ak detou. Men, ekip Lionel Scaloni a montre li gen yon karaktè an fòj:
Sèzyèm de final (1/16): Yo te bezwen pwolongasyon pou yo bat Kap Vè (3-2).
Uityèm final (1/8): Yo genyen Ejip (3-2) gras ak yon gwo rale-mennen-vini nan fen match la.
ka de finale: Yo pase sou Swis nan pwolongasyon ankò (3-1).
Demi-finale: Yon gwo batay kont Langletè kote yo genyen (2-1) pou yo pran tikè final la.
⚽Bilan Gòl: Ajantin make 11 gòl nan faz eliminatwa sa a, men defans yo pran 7 gòl. Yo pran gòl nan chak match, men liy atak la ak Lionel Messi (ki gen 8 gòl ak 4 asistans nan tounwa a) toujou sove yo.

Ajantin ap chache fè listwa pou li tounen twazyèm peyi sèlman ki konsève tit Mondyal li de fwa youn apre lòt (aprè Itali ak Brezil). Pou Messi, se petèt dènye dans li nan nivo sa a pou l selye lejand li nèt ale. Pou Lèspay, se okazyon pafè pou nouvo jenerasyon an montre yo pran rèn foutbòl mondyal la nèt aprè yo fin genyen Euro 2024 la.

Match la ap kòmanse a 3:00 PM (Lè lokal New York / Ayiti). Se abit eslovèb la, Slavko Vinčić, ki ap dirije gwo koze sa a. Prepare pòpkòn nou, match sa a pral antre nan istwa!

About Emmanuel Hubert

Check Also

Mondyal 2026: Lafrans ak Angletè pral batay pou meday bwonz nan Mondyal 2026 la!

Pandan tout je fikse sou gwo final la, gen yon lòt batay ki pral fèt …

Laisser un commentaire

Votre adresse e-mail ne sera pas publiée. Les champs obligatoires sont indiqués avec *

Partager
Partager