Presyon an monte yon nivo pi wo sou teren Amerik di Nò yo mèkredi 24 jen 2026 sa a. Pandan premye tou Koup Dimond sa a (ki gen 48 ekip pou premye fwa) ap rive nan bout li, jounen sa a deside desten plizyè gwo peyi : gen sa ki konfime fòs yo, epi gen sa ki reyalize gwo ekswa istorik.
Nan vil Miami, Brezil pa te nan jwèt menm ak ekip Ekòs la (3-0). Gran mesi yon Vinícius Jr ki te nan gwo fòm e ki make de (2) bèl gol, Brezilyen yo pran premye plas nan Gwoup C a. Gwo evènman nan match sa a se te retou Neymar sou teren an, li antre nan dezyèm mi-tan an e li mete mayo jòn ak vèt la ankò apre prèske twa lane lwen seleksyon an.
Nan lòt match gwoup la ki te jwe Atlanta, Mawòk valide tikè li pou 16èm de final apre yon match totalman fou kont Ayiti (4-2). Grenadye yo ki te gen anpil kouraj te mennen nan nòt la de fwa, men « Lions de l’Atlas » yo te ranvèse sitiyasyon an nan fen match la gras ak Achraf Hakimi ak de lòt gòl Soufiane Rahimi ak Gessime Yassine te make. Maròk fini ak menm kantite pwen ak Brezil (7 pwen) men li pran dezyèm plas la poutèt diferans gòl.
Gwoup B : Gwo tonton match ki te gen nan Gwoup B a nan vil Vancouver te vire an favè Laswis, ki bat peyi òganizatè a, Kanada, (2-1). Ruben Vargas ak Johan Manzambi te pèmèt Swis yo pran avantaj la lè yo tounen soti nan vestyè. Malgre yon gòl David te make pou Kanada nan fen match la, Helvet yo sekirize premye plas la. Kanadyen yo pa bezwen twò tris paske yo fini dezyèm, sa ki ba yo yon kalifikasyon istorik pou pwochen tou a ki ap jwe Los Angeles.
Dèyè de ekip sa yo, Bosni-Egovin kenbe espwa l byen vivan lè li bat Kata (3-1) nan vil Seattle, sitou gras ak yon bèl gòl jèn gason 19 an an, Kerim Alajbegovic, te make. Avèk 4 pwen nan pòch yo, Bosnyen yo byen plase pou yo pase kòm youn nan pi bon twazyèm yo, pandan Kata menm ap pran valiz li pou l tounen lakay li.
Gwoup A : Gwo sipriz lanwit lan soti nan vil Monterrey, kote Afrik Disid jete Kore disid atè (1-0). Se yon sèl gòl Thapelo Maseko te make nan 63èm minit (abit la te blije gade VAR la pou l valide l) ki voye tout yon pèp nan gwo fèt. Pou premye fwa nan istwa yo, Bafana Bafana yo pase premye tou nan yon Koup Dimond epi yo pral jwe yon gwo 16èm de final nan estad SoFi nan vil Los Angeles.
Nan mitan yon anbyans cho nan Estad Azteca, Meksik fini premye tou a an bèl fòm devan piblik li lè li bat Repiblik Tchèk 3-0. Rezilta sa a pèmèt yo fini premye nan Gwoup A a.
Rezime tout nòt match 24 jen 2026 yo.
Laswis – Kanada (2–1)
Bosni-Egovin – Katar (3–1)
Ekòs – Brezil (0–3)
Mawòk – Ayiti (4–2)
Afrik Disid – Kore disid (1–0)
Repiblik Tchèk – Meksik (0–3)
Ekip ki elimine yo : Apre gwo jounen sa a, lis ekip ki ap kontinye yo ap vin pi klè. Si Kanada, Maròk, Brezil ak Afrik Disid nan gwo fèt, rido a tonbe nèt pou Ayiti ak Kata nan Koup Dimond 2026 sa a. Yo elimine ofisyèlman nan konpetisyon an.
Echojounal echojounal.net