Mouveman sitwayen Nou Bouke pa kache kòlè yo kounye a. Nan yon kominike ki soti byen fèm, gwoup la denonse sa yo rele « pawòl manti » Minis Afè Etranjè ak Kilt yo, Madam Raina Forbin, te fè devan Konsèy Sekirite Nasyon zini yo jou ki te 20 jiye 2026 la.
Mouveman an al pi lwen toujou: li eksije demisyon touswit minis la nan tèt diplomasi ayisyen an.
Pandan entèvansyon li devan Konsèy Sekirite Nasyon zini an, Madam Forbin te afime ke peyi Dayiti « pi pre jodi a pase tout lòt ane ki sot pase yo pou li retounen nan sekirite epi òganize eleksyon ki lib, kredib ak tout moun ladan li ». Pawòl sa yo se pase moun nan betiz, dapre sa Nou Bouke fè konnen, paske sa pa gen anyen pou wè ak pèsekisyon ak soufrans popilasyon an ap sibi chak jou sou tè Dayiti.
Pou yo montre reyalite a diferan nèt ak deklarasyon minis la, moun Nou Bouke yo mete sou tab la yon seri chif ak reyalite ki frape peyi a:
Moun ki pèdi lavi yo: Plis pase 1 600 moun mouri anba bal nan premye twa mwa ane 2026 la sèlman.
Moun ki deplase yo: Prèske 1.5 milyon ayisyen oblije kite kay yo pou sove lavi yo anndan peyi a, yon chif ki pi wo pase tout sa peyi a te konn anrejistre anvan sa.
Katastwòf Kenscoff la: Poutèt atak zam ki pa sispann yo, gen omwen 262 moun ki mouri, 66 ki blese, ak apeprè 190 kay ki boule nan zòn Kenscoff, sa ki fòse plizyè milye moun kouri kite lakay yo ankò tou dènyèman.
Ayewopò an bloke: Fèmti ayewopò entènasyonal Toussaint Louverture an poutèt ensekirite a se yon lòt prèv klè ke kondisyon sekirite yo lwen pou yo reyini.
Apa de sa yo rele manti devan ONI yo, Nou Bouke lonje dwèt tou sou yon bilan diplomatik ki blanch tanbou tankou koton. Dapre sa yo di, diplomasi ayisyen an kite ayisyen ki ap viv nan peyi etranje yo san pwoteksyon:
1. Repiblik Dominikèn: Minis la rete bouch koud devan tout Move tretman, diskriminasyon ak ekspilsyon an mas kompatriyòt nou yo ap sibi bò kote vwazen an.
2. Etazini: Peyi a pa rive kwape ekspilsyon ki ap fèt yo san rete, pandan ke estati Pwoteksyon Tanporè (TPS) a an danje pou anpil Ayisyen sou tè ameriken an.
Pou fini, mouvman sitwayen an kwè ke lè w al bay yon fo imaj konsa nan nivo Konsèy Sekirite ONI an, se sal ou ap sal imaj peyi a pi plis toujou. Sa reprezante tou yon trayizon pou diyite diaspora a epi yon mepri total pou milyon ayisyen ki ap viv chak jou anba menil gwo zam yo, grangou a, ak abandon Leta a.
Pou tout rezon sa yo, mesaj Nou Bouke a klè : Madam Raina Forbin dwe remèt demisyon li san pran reta.
Echojounal echojounal.net