Peyi Etazini mete pye sou kou manm « konsèy prezidansyèl chak moun fè ti kout la » apre plizyè manm nan konsèy sila antann yo pou mete premier minis defakto a, Alix Didier Fils-Aimé atè sou bato a.
Blan meriken bò kote pa yo ki pa dakò, anonse jounen lendi 24 novanm 2025 lan yo koupe viza youn nan manm « konsèy prezidansyèl chak moun fè ti kout la », ke yo akize kòm moun ki nan tete lang ak bandi yo nan lakou peyi Dayiti, yo pa di kiyès nan 9 la yo. Sa ki pouse anpil moun ap poze kesyon èske se pa yon presyon pou fè yo sispann ak koze jete mouche Didier Fils Aimé a.
Apre anons lan, tout rimè, rankont ki tap fèt sou dosye pou ranplase mouche Fils Aimé yo kanpe sèk, kounye a sa ki ap pale se elimine bandi yo ak òganize eleksyon yo nan peyi a. Èske la ankò blan pa pral re mete pye sou kou mesye ki sou pouvwa yon lòt fwa yo, lè nou konnen yo divize ak manm konsèy elektoral yo sou kalandriye elektoryal la.
Nou ap fè ou konnen nan yon konferans pou laprès youn nan pi gwo abolotcho peyi a konnen ki se Paul Gerot ki gen ti non « Pa anmèdel » te anonse blan an pral koupe viza tout moun ki vle jete premye minis defakto a e yo ap mete dosye sou do tèt yo donk, choz di choz fèt.
Dosye a swiv…..
Echojounal echojounal.net