AYITI CHEK ZONBI

CHÈK ZONBI NAN LA POLIS LA.

Apre DG PHH la Michel-Ange Gédéon te anonse li dekouvri plizyè chèk zonbi ki estime ak 50 milyon goud pou mwa janvye a, DG anonse yon lòt lo chèk ak yon montan 25 milyon goud sa ki vin ogmante chèk zonbi nan PNH la a 75 milyon goud. Selon DG a nan kad dosye sa 2 manm nan PNH la anba kòd e plizyè lòt nan kanpe lwen ke la polis ap chache pou al reponn kesyon lajistis.

 

CHÈK ZONBI NAN MSPP.

Otorite nan MSPP yo dekouvri plizyè chèk zonbi nan enstitisyon an ak yon montan 200 milyon goud. Minis sante piblik la Dr Marie Gréta Roy Clément deklare pi gwo problèm lap konfonte se moun kap touche e ki pa janm vin travay. Direktris egzekitif lopital jeneral la Dr Jessie Colimon Adrien bò kote pal fè konnen se paske medsen yo pa vin travay ki lakoz lopital la pa ka bay sèvis kòm sa dwa. Selon chèf kabinè  MSPP a lajan sa yo rekipere a yo pral nome lòt moun nan sistèm nan epi ogmante lajan pèsonel yo nan tout nivo.

 

92 FO ANSEYAN DEKOUVRI NAN MENFP.

Minis edikasyon nasyonal la Pierre Josué Agénor Cadet deklare  nan dosye 4000 enseyan ke MENFP ap etidye dosye yo, yo dekouvri 92 anseyan ki itilize fo papye reto ak filo pou antre nan sistèm nan, minis la fè konnen moun sa yo ap gen pou reponn kesyon lajistis pa twò lwen.

Apwopo Emmnanuel Hubert

Ou ka gade tou

AYITI/VYÒL: YON MACHANN SOSIS FÈ KADEJAK SOU YON ELÈV 10 LANE NAN TWALÈT LEKÒL LI.

Yon machann sosis, fè kadejak sou yon tifi ki gen sèlman 10 lane nan twalèt …