BATONYE VIL TIGWAV LA MANDE ARESTASYON ELEV LISE FAUSTIN SOULOUQUE YO

Batonye bawo vil Tigwav la Me Alcide Laguerre mande pou arete tout elèv lise Faustin Soulouque yo ki te patisipe nan zak kraze brize nan vil Tigwav jou ki te premye mas 2018 la pandan yo tap manifeste pou mande pwofesè ke yo pa jwenn nan sal de klas yo depi plis pase 4 semèn.

Elèv yo ki pat epanye anyen sou wout yo te atake lokal pale jistis, pakè ak batona, kote yo te tante mete dife, la polis te fè entèvansyon e anpeche plis dega nan enstitisyon sa yo.

Lapolis entèdi elèv yo manifeste ak kagoul epi mouchwa nan figi, selon enfo yo ta gen moun ki te pwofite de mouvman elèv yo pou kraze brize e pote ale tout sa yo jwenn sou wout yo, yon temwen ki te sou plas deklare se premye fwa li wè yon bagay konsa e si se pat bon pye anplwaye pakè yo sa pa tap dous pou yo.

Plizyè elèv nan Lise Faustin Soulouque Nelson Avril , Wallace Esma, casseurs  ta dwe prezante devan jis enstriksyon an Me Fritzner Duclair lendi kap 26 mas 2018 la pou akizasyon yo gen sou do yo.

Batonye a mande pou otorite santral yo pou dedomaje biwo bawo a pou tout dega elèv yo fè ladann, e egzije sanksyon kont tout elèv ki te patisipe nan zak sa yo

Apwopo Emmnanuel Hubert

Ou ka gade tou

AYITI/VYÒL: YON MACHANN SOSIS FÈ KADEJAK SOU YON ELÈV 10 LANE NAN TWALÈT LEKÒL LI.

Yon machann sosis, fè kadejak sou yon tifi ki gen sèlman 10 lane nan twalèt …