AJANTIN VS AYITI: KÈK NAN JWÈ EKIP NASYONAL LA RIVE NAN PEYI AJANTIN.

_Kèk nan jwè seleksyon nasyonal ayisyen foutbòl la deja rive nan peyi Ajantin maten an pou match zanmitay kont seleksyon Albiceleste a, nan dat 29 Me kap vini la a._

Lè yo te rive nan Èpòt Ezeiza, anbasadè Ayiti nan peyi Ajantin lan te resevwa yo, se Dr. Guy Métayer.

Carlo Marcelin ki se DT (Direktè Teknik) Grenadye nou yo fè konnen seleksyon nasyonal la te rive nan lè 9h abò American Airlines. Josué Duverger, Ricardo Adé, Mikael Cantave, Zachary Hérivaux, Richelor Sprangers , se kèk pami Grenadye ki deja rive nan peyi Ajantin.

Preparatè fizik ak antrenè gadyen yo te fè vwayaj la tou. Li fè anpil fredi nan « Savori Hotel (Buenos Aires) kote nou rete a , men nou pote rad ki ka ede n konbat ak sa », di Carlo Marcelin.

Seyans entrenman yo ap kòmanse aswè a pandan nap tann rès jwè ki gen pou rive nan jou kap vini yo.

Pandan tan sa a, AFA ki se Asosyasyon Foutbòl Ajantin te pote anpil eklèsisman konsènan match sa a.

Match la pral jwe ak 20h ( ki se 19h nan peyi nou) nan estad Bombonera, ki se estad Boca Junior e abit ki pral gen pou mennen rankont sa a se Arnaldo Samaniego. Match ki pral mete tèt pou tèt fas Ayiti a se pral dènye rankont ekip Ajantin nan avan menm yo pran avyon pou yo ale nan peyi Russie pou mondyal la.

_Hubenson PAUL_

Apwopo Emmnanuel Hubert

Ou ka gade tou

Le Canada, la Copa América et les questions brûlantes

Le Canada à la Copa América, on y est presque ! Le match de l’unifolié …