MAJISTRA ADJWEN VIL PÒDEPÈ A PÈDI LAVIL AYÈ NAN YON AKSIDAN.

Majistra adjwen pòdepè a Tony Vernio mouri nan yon aksidan sikilasyon ayè mardi 22 me 2018 la.

Majistra a  te akonpaye majistra prensipal la Josué Alusma a a bò yon traktè kote yo ta pral fè netwayaj nan zòn 3 rivyè. Majistra prensipal la ki tap pilote traktè a chavire nan moman li tap tante epanye yon chofé moto selon enfo nou rive jwenn.

Depi aprè aksidan an majistra Alusma ak tout mandanm li ta kite vil la, kote pèsòn pa gen nouvèl yo, majistra Josué Alusma pa reponn telefòn e selon enfo nou rive jwenn de kèk manm nan katèl la, de majistra yo pat janm antann yo.

Selon menm enfo sa yo Majistra Josué Alusma se fòse li ta fòse majistra Tony Vernio soti avèl e moute traktè a.

Apwopo Emmnanuel Hubert

Ou ka gade tou

Ayiti/Eleksyon: San pèdi tan, manm bout KEP yo fòme biwo yo.

Nan mwens ke 24è, apre yo te fin prete sèman e estale kòm manm KEP …