CARLO ANCELOTTI SIYEN POU TWA SEZON AK EKIP NAP LA.

Kounye a se ofisyèl, Carlo Ancelotti se nouvo antrenè Naples nan peyi Itali. Li se yon italyen, li pa’t antrene okenn klèb depi septanm 2017, li retounen nan peyil aprè l fin kite Milan nan ete 2009.

Aprè anons fèt nan yon ti tan tou kout pou di Maurizio Sarri kite klèb la, Napoli pa pran tan lèl anonse piblikman rive antrenè tou nèf li a.

Sa te di depi kèk jou nan jounal peyi Itali, li pa lòt ke Carlo Ancelotti, ki fenk siyen yon kontra 3 lane avèk Naples ki fini (2e), tou swit dèyè Juventus nan Seri A sezon sa a.

Ansyen entrenè Juventus, Real Madrid ak PSG nan peyi Frans, lib depi lè yo te voye l ale nan Bayern Munich en septanm 2017. Li pa t kòmande nan Serie A depi nan sezon 2008-2009 avèk Milan AC.

 

Hubenson PAUL.

Apwopo Emmnanuel Hubert

Ou ka gade tou

Le Canada, la Copa América et les questions brûlantes

Le Canada à la Copa América, on y est presque ! Le match de l’unifolié …