LIG DÈ CHANPYON : GWOUP REAL MADRID POU FINAL FAS AK LIVERPOOL LA.

Real Madrid fè sòti lis jwè kap prezan pou final Lig chanpyon an kap fèt an Kiev, e se tout ekip la konplè kap deplase pou al jwe kont Liverpool kap dirije pa alman Jürgen Klopp.

Real Madrid kap antrene pa Fransè Zinedine Zidane vle al genyen twazyèm koup gran zòrèy la (Koup Ewòp) youn kole ak lòt e katriyèm Koup sou 5 lane, se sou tout jwè sa yo ke li konte.

Menm si Zidane pral gen pou chwazi ladan yo e menm kite yon valè sou ban an pandan tout match la, Zizou rete nan li menm lè l fè apèl yon lòt fwa ankò ak tout jwè ke li genyen yo, se yon abitid kon nou konnen se youn nan pi gwo match anndan sezon an.

Lis la konpoze konsa :

Keylor Navas, Casilla, Luca Zidane; Carvajal, Vallejo, Sergio Ramos, Varane, Nacho, Marcelo, Theo, Achraf; Kroos, Modric, Casemiro, Marcos Llorente, Asensio, Isco, Kovacic, Ceballos; Cristiano Ronaldo, Benzema, Bale, Lucas Vázquez et Mayoral.

*Hubenson PAUL*

Apwopo Emmnanuel Hubert

Ou ka gade tou

Le Canada, la Copa América et les questions brûlantes

Le Canada à la Copa América, on y est presque ! Le match de l’unifolié …