AJANTIN FAS AK AYITI : 18 JWÈ NAN LIS FINAL GRENADYE NOU YO.

Angaje avèk klèb pèsonèl yo nan fen sezon an, Jems Geffrard, Andrew Jean Baptiste et Sébastien Thurière pap prezan fas ak Ajantin nan kad match amikal kap gen pou dewoule madi 29 mai 2018 nan kapital Albiceleste yo (Buenos Aires), match kap gen pou jwe nan 7 tè nan aswè.

Pou defansè sentral ayisyen Jems Geffrard, se klèb li , ki se ROPS Rovaniemi chanpyona nan peyi Fenland ki kenbe l, paske konpetisyon an ap fini nan kèk jou ankò, klèb la bezwen sèvis li, e sa fè zafè jwè Don Bosco FC Petyon vil la, ki se Waldo Vernet kap jwenn gwoup la jounen vandredi 25 Me 2018.

Sébastien Thuriere ak Andrew Jean Baptiste kap jwe nan klèb Terengganu FA nan peyi Malezi, toujou an konpetisyon e devouman yo genyen pou reponn ak premye apèl pou jwe pou seleksyon an, yo pap ka fè deplasman pou Buenos Aires pa avan 27 me, ki donk 2 jou avan match la, sòti an Azi pou rive an Amerik di Sid, estaf teknik lan estime ke sa ap enposib pou yo itil yon bagay paske yap rive twò fatige.

Katòz (14) jwè ladan yo kapitèn Jhony Placide, te rive yè jedi a, kote yo te dòmi nan yon otèl nan kapital Ajantin nan e yo te patisipe nan twazyèm seyans entrenman nan baz klèb Atlanta de VILLA CELINA.
Meshak Jérôme, Bryan Labissière, Bryan Chevreuil ak Waldo Vernet ap jwenn gwoup la jounen vandredi a pou konplete lis final 18 jwè kap kenbe pou match zanmitay sa a ant Ajantin ak Ayiti ki pral jwe ak pòt fèmen tèlman pap gen kote pou pike zepeng.

Dizuit Grenadye sa yo pral disponib pou estaf teknik lan senk (5) jou avan menm 29 Me a rive avèk posibilite pou yo kapab antrene ak prepare match enpòtan sa a, ki an menm tan ap sèvi kòm dènye match ajanten yo avan menm yo pati pou mondyal la.

Dènye lis la :

Gadyen (2) : Jhony Placide , Josué Duveger.

Defansè (5): Meshak Jérôme, Arcus Carlens, Ricardo Adé, Alex Christian Junior, Waldo Vernet .

Milye teren (7) : Steeven Sabat, Fabien Vorbe, Brian Alcéus, Zachary Hérivaux, Michaël Cantave, Bryan Labissière, Bryan Chevreuil.

Atakan (4) : Duckens Nazon , Richelor Sprangers, Jimmy Shammar Sanon, Derrick Etienne

Antrenè : Marc COLLAT.

*Hubenson PAUL*

Apwopo Emmnanuel Hubert

Ou ka gade tou

Le Canada, la Copa América et les questions brûlantes

Le Canada à la Copa América, on y est presque ! Le match de l’unifolié …