KI BAGAY KI FÈ YON FANM GEN KANSÈ NAN TETE, KISA LI DWE FÈ POU LI ANPECHE KANSÈ NAN TETE A, KIJAN POU LI DEKOUVRI SI LI GEN KANSÈ NAN TETE?

*SANTÉ PLUS*

✴Jodia nap pale de *(KANSÈ NAN TETE)*

-Kansè nan tete se yon boul ou byen yon mas ki devlope nan glann kifè lèt andedan tete a. *Se kansè saa ke fanm fè piplis*

*✅KI BAGAY KI FÈ YON FANM GEN KANSÈ NAN TETE*

– Si fanm-lan gen anpil laj sou tèt li

– Si fanm-lan gen lòt fanmi-li ki te fè kansè nan tete deja

-Si fanm-lan bwè twòp tafya, si l fimen tabak oswa sigarèt, ak si l manje manje ki gen anpil grès kochon oswa grès bèf .

– Si fanm-lan twò gra

-Si fanm-lan fè premye pitit-li nan ta

– Si fanm-lan pat bay tibebe tete ditou

– Si fanm-lan ap swiv trètman ki gen sa yo rele òmon

– Si fanm-lan manke vitamin *D*

*✅KI SA YON FANM KA FÈ POU LI PA GEN KANSÈ NAN TETE*

– Fè anpil ekzèsis, ak espò

– Pa bwè anpil tafya, pa bwè anpil bweson ki gen twòp alkòl

– Se pou fanm lan megri

– Pa manje manje ki gen grès kwit

-Se pou fanm lan bay tibebe tete pandan plizyè mwa

– Fanm lan pa dwe pran grenn ki gen òmon lè l ap fè menopoz

*✅KIJAN POU W DEKOUVRI MALADI KANSE TETE (DEPISTAJ)*

– Kontwole blad tete w chak mwa

– Fè ekzamen mamografi depi ou rive nan laj karant lane (40-an)

– Fè ekzamen ekografi

– Fè ekzamen biyopsi si doktè-w rekòmande-w pou w fè l

*✅KI SA POU W SIVEYE*

*KOURI AL WÈ DOKTÈ-W DEPI OU TA WÈ SIY SA-YO*

-Si tete a vin genyen yon ti kannal sou li, oswa yon ti plise sou po tete-a kifè li sanble po zoranj

– Si tete a gen boul andedan l oswa yon mas

– Si ou wè pwent tete-a defòme, kòm si li ta vle vire sou andedan

– Si ou wè tete-a sanble li gen ekzema, si pwent-lan vin tourouj, si l fè krout, oswa li gen maleng

– Si tete-a ap swente, si l ap bay dlo san, oswa si l ap bay san nwa

– Si tete-a anfle
TRETMAN KANSÈ NAN TETE

– Fè operasyon pou wetire boul la

– Fè operasyon pou wetire tete-a nèt, koupe l ra planche

– Fè tretman chimyoterapi

– Pran reyon

– Pran medikaman
Sous : *National Cancer Institute*

*Viv pou renmen. Viv pou pataje.*

*Viv pou ede.* *Viv ak tout fòs!*

PDG::::::*. *DAMAS STERLING

*Tel:::::* *40813514*

Apwopo Emmnanuel Hubert

Ou ka gade tou

Cancer du col de l’utérus

Principaux faits Le cancer du col de l’utérus est le quatrième cancer le plus courant …