KISA YON MOUN DWE FÈ POU LI PA GEN MALADI KI RELE FRIBÒM NAN.

*SANTÉ PLUS*

*PDG::::::* *DAMAS STERLING*

*TEL:::::::::::::* *50940813514*

✅Yonn nan maladi ki pa sispann bay pwoblem lakay medam yo se sa ki rele *FIBWOM ITEREN* nan…..donk kisa FIBWOM ITEREN nan ye ❔

-Fibwom iteren an se yon seri de timè ki fome anndan iteris oubyen matris yon fanm.

– Selon etid ki fet, yo fe konprann ke 30% fanm ki gen pi piti ke 35 ane genyen maladi sa…..

– Jiskaprezan yo poko ka dekouvri koz egzat maladi sa; gen ekspe ki vle fe konprann ke se yon dezekilib ki genyen nan yon seri de omon tankou ESTWOJÈN epi PWOJESTEWON, men se pa yon enfomasyon ki konfime a 100%.

✅Selon kek rechech k’ap fèt, yo fe resoti kek eleman enpotan ki ka ede ou evite maladi sa:

1-FÈ EGZÈSIS REGILYEMAN.

2-GEN KONTWOL PWA KO OU.

3-PRAN DU THÉ VÈ.

4-GEN KONTWOL NAN SA WAP MANJE .

5- EVITE MANJE TWOP VYANN WOUJ TANKOU VYANN BÈF.

6-KONSOME MANJE KI GEN ANPIL VITAMIN D TANKOU PWASON GRASÈ. VITAMIN SA KAPAB REDUI LI A 30%

7-KONSOME PLIS LÈT, FWOMAJ, EPI BWE ANPIL KRÈM GLASE ETC

✅FIBWOM ITEREN an konn koz anpil fiy pa ere nan vi yo paske gen estad lè li rive li konn fè yo paka fè timoun.

-Donk pwatike ti konsey sa yo konsa nou va redui kek faktè ki konn koze devlopman maladi sa.

*✅Epi pa blye pataje ribrik sa bay tout kontak ou mèsi*

*Miss Ninie Fenelus*

Apwopo Emmnanuel Hubert

Ou ka gade tou

Cancer du col de l’utérus

Principaux faits Le cancer du col de l’utérus est le quatrième cancer le plus courant …