AYITI DEBLOZAY: GWO DEBLOZAY PETE NAN RADIO ZENITH ANT DE ANIMATÈ EMISYON POLITIK AK DEPITE GARY BODEAU.

Gwo diskisyon pete jodi mèkredi 21 novanm 2018 la nan radio tele zenith ant de (2) jounalis Denel Sainton ak Muraille Jean Myrtho ki tap resevwa prezidan chanm depite Gary Bodeau sou sityasyon politik la nan peyi a.

Jwèt la ta pral gate lè jounalis Muraille Jean Myrtho mande pou jounalis Sainton fèmen sou depite a e voyel ale, yon lòd ki pat fè Sainton plezi men ki te kenbe san fwa li malgre Muraille te akizel de moun kap kouvri pou depite a e tretel pi mal ke timoun ki te ret avèl.

Jounalis Muraille eksite lwa Dessalines nan danse nan tèt li li tou profite kase met nan men depite Gary Bodeau tankou de maklòt kap joure li akize depite de moun kap bay zam ak moto, li fè konnen depite a pa itil peyi a anyen. Yon konfli ki pouse anpil moun ap mande èske se jounalis Muraille ki te nan mikwo a oubyen politisyen an.

Deblozay la ta pral pouse direksyon radio kanpe tout emisyon yo pou nouvèl lòd.

Apwopo Emmnanuel Hubert

Ou ka gade tou

AYITI/VYÒL: YON MACHANN SOSIS FÈ KADEJAK SOU YON ELÈV 10 LANE NAN TWALÈT LEKÒL LI.

Yon machann sosis, fè kadejak sou yon tifi ki gen sèlman 10 lane nan twalèt …