ESPÒ: FINAL/PLAY-OFFS/SERI KLOTI DON BOSCO RANPÒTE TIT LA.

Akòz limyè ki pat genyen nan pak nasyonal di drapo a sa te anpeche seyans tir o bi (5-5) yo kontinye nan match retou final play-off CHFP a ant Arcahaie FC ak Don Bosco. COCHAFOP te pran desizyon pou reyòganize match sila jedi 27 desanm lan nan pak Levelt St Marc. Match la fini (2-1) an favè ekip Don Bosco a ki chanpyon seri kloti a.

Nan yon match rich an rebondisman ekip Don Bosco a rive enpozel (2-1) sou omològ li Arcahaie FC. Tou dabò Arcahaie FC te louvri eskò nan 54è minit de je pa entèmedyè Samuel Desroches. Men sa pat rete konsa plis ke nan 67è minit de je ekip Don Bosco a ta pral jwenn egalizasyon an gras ak Canes Jean Charles. Sa ki ta pral ba yo avantaj la sou ekip Arcahaie FC a ki te gen obligasyon poul genyen match la si yo vle chanpyon pliske match ale a te fini (0-0) nan pak Ste Thérèse.

Alòske ekip Arcahaie FC a tap pouse pou jwenn yon 2è gòl nan match la, bitè petyonvilwa Naël Wolofsky Élysée ta pral wete dènye espwa yo nan 88è minit de je pou pèmèt ekip Don Bosco a asirel de tit chanpyon an.

Bravo ak ekip Don Bosco a ki ranpòte tit la men bravo tou ak bèl ekip Arcahaie FC sa ki rive fè final play-offs pou premye sezon li nan D1 an.

Michelet ALCIDOR

micheletalcidor@Gmail.com

Apwopo Emmnanuel Hubert

Ou ka gade tou

Le Canada, la Copa América et les questions brûlantes

Le Canada à la Copa América, on y est presque ! Le match de l’unifolié …