ESPÒ: VIOLETTE RETOUNEN PAMI ELIT YO APRE VIKTWA LI (2-0).

Twa zan aprè li te finn desann nan lanfè dezyèm divizyon an ekip Violette atletik club la remonte nan premye divizyon aprè viktwa li (2-0) sou omològ li America des Cayes jedi 27 desanm 2018 la nan stad Sylvio Cator nan kad match final play-offs zòn sid la.

Nan yon anbyans festif ekip Violette atletik club la rive enpoze li san tranble fas ak ekip America des Cayes la.
Byen bonè nan match la Vye Lyon an te pran avantaj la gras ak Steve Saba ki te make sou penalite (1-0, 5è), answit yo ta pral double miz lan pa intèmedyè Dumy Fédé.

Viktwa sa ki pèmèt ekip jòn e nwa jwenn biyè pou al evolye nan D1 lane pwochèn, men pèmèt yo al jwe final D2 a fas ak Triomphe de Liancourt ki te gentan valide biyèl devan Acolade de Gromòn de (2) jou avan.

Kantan pou ekip America des Cayes la rete yon dènye chans toujou pou monte nan D1 men pou sa yap gen pou mezire yo fas ak yon bèl ekip Acolade de Gromòn nan match pou twazyèm plas la pou dènye grenn biyè ki disponib pou D1 an.

Michelet ALCIDOR

micheletalcidor@Gmail.com

Apwopo Emmnanuel Hubert

Ou ka gade tou

Le Canada, la Copa América et les questions brûlantes

Le Canada à la Copa América, on y est presque ! Le match de l’unifolié …