SENATÈ YOURI LATORTUE FÈ KONNEN SE YON KONSEYE PREZIDAN REPIBLIBK LA KILOZ TOUT DEMISYON SA YO NAN PATI (AAA).

Ansyen prezidan sena a ki tap reyaji aprè sekretè pati lap dirije a fin demisyone fè konnen gen yon gwo manm nan pouvwa ki kache dèyè sakap pase anndan pati a.
Daprè senatè a se yon estrateji laprezidans ap chache pou destabilize, afebli pati AAA ki se youn nan pigwo pati politik ki genyen nan peyi a.

Prezidan komisyon kont koripsyon nan sena fè konnen gen yon konseye prezidan an, lipat vle site nonl, ki sòti nan menm depatman avèl ki te kontakte plizyè gwo manm nan pati a, pale ak yo yon fason pou yo ka demisyone.
Pilwen senatè Latibonit lan denonse gwo manèv ak yon kanpay patizan PHTK ap fè pou denigrel sou rezo sosyal yo.

Depi aprè piblikasyon rapò ankèt senatè Youry a sou kòb PETROKARIBE a genyen timidman yon lagè ant plizyè gwo otorite nan PHTK ak senatè latibonit lan Y. Latortue. Sa a ki diminye nan bon rapò palmantè a ak pati tèt kale kel tap travay pouli lè Michel Joseph Martelly te sou pouvwa.
Koman nou ka ekspilke sa?
Eske se strateji polititik?
Nap swiv

Gédéon DELVA,

Apwopo Emmnanuel Hubert

Ou ka gade tou

AYITI/VYÒL: YON MACHANN SOSIS FÈ KADEJAK SOU YON ELÈV 10 LANE NAN TWALÈT LEKÒL LI.

Yon machann sosis, fè kadejak sou yon tifi ki gen sèlman 10 lane nan twalèt …