FOUTBÒL KONKAKAF/TIRAJ OSÒ GOLD CUP: AYITI NAN MENM GWOUP AK KOSTARIKA.

Tiraj osò gold cup lan fèt jounen mèkredi 10 avril 2019 la. Ayiti konnen advèsèl yo. Ekip ayisyèn nan trouve l nan gwoup B a. Gwoup sa a konpoze de Ayiti, Kostarika, bèmid epi Nikaragwa.

Gold cup se konpetisyon ki reyini ekip Konkakaf yo. Konpetisyon sa a ap kòmanse 17 jen pou fini 07 jiyè. Dezomè ekip ayisyèn nan tonbe nan gwoup ki pa ta twò difisil pou yo. Yon gwoup ki gen 4 ekip, kote de premye yo ap kalifye pou kadefinal konpetisyon an. Ayiti ki deja nan menm gwoup ak Kostarika nan lig dènasyon an, pwal afwonte ekip kostarikèn nan, nan Gold cup ankò. Se advèsè ki ta dwe pi difisil pou ekip ayisyèn nan paske Ayiti pa bat Kostarika depi 1950, dènye bon rezilta Ayiti fè devan yo se depi an 2007(1-1). Seleksyon ayisyèn nan ki te fè yon bèl pakou nan eliminatwa lig dènasyon an, ki te tèmine anpremye pozisyon sa ki bal dwa entegre lig A a, se favori ak Kostarika pou fini an premye e dezyèm nan pou lan. Yon tiraj ki favorab pou ekip ayisyèn nan.
N ap fè konnen ayiti te bat nigaragwa nan eliminatwa lig dènasyon an lakay yo (3-0).

Peterson Louis.

Apwopo Emmnanuel Hubert

Ou ka gade tou

Le Canada, la Copa América et les questions brûlantes

Le Canada à la Copa América, on y est presque ! Le match de l’unifolié …