Lig dèchanpyon/Kadefinal : Barcelone pran yon gwo opsyon pou kalifikasyon.

Barcelone bat Manchester United an deplasman (1-0), gras ak Shaw ki bay tèt li gòl, jounen mèkredi 10 avril 2019 lan, nan kad match ale kadefinal lig dèchanpyon. Aprè viktwa sa a Barcelone pran yon gwo opsyon pou kalifikasyon pou demifinal.

Barcelone genyen Manchester United (1-0), nan yon rankont trè fèmen. Depi nan premye minit yo Barcelone te gen inisyativ jwèt lan. Yo te kreye kèk aksyon men defans Manchester United a de reponn prezan. Barcelone ta pwal jwenn grenn gòl viktwa a nan (12′) minit aprè Messi te jwe anavan pou Suarez ki fè yon kout tèt ki devye nan Shaw epi balon an twonpe David Degea a (1-0). Aprè gòl lan ekip Manchester United lan te toujou gen anpil difikilte pou enpoze jwèt li malgre l te lakay li men sa pat anpeche yo t ap sibi match foutbòl lan. Jwe long bal pou eseye dezekilibre defans Barcelone nan, men Piqué te toujou antisipe. Jwè United yo te toujou mal fini aksyon yo, Rachford pat reponn nan match lan. Malgre plizyè tantativ premye mitan an te fini (1-0).

Nan dezyèm peryòd lan, Manchester United te gen obligasyon pou al chèche egalizasyon an paske y ap jwe lakay yo men yon tach ki te parèd difisil pou yo piske Barcelone te pi bon pase yo e metrize balon an pi byen. Barcelone pat twò defonse yo pou al chèche lot gòl yo te plis ap chèche konsève skò, genbe balon an, domine ekip Manchester United lan sa yo preske nan tout match lan. Varverde fè de chanjman ansanm, Cautino sòti ranplase pa Vidal epi Arthur sòti ranplase pa Sergi Roberto, de moun ki pwal vin met plis sekirite andan tèren Barça, sa te prouve ke Barça te satisfè ak skò an poutan Koch Manchester a rantre Masial nan plas Lukaku nan lide pou pote frechè fizik lan men pat pote okenn chanjman nan skò a match lan fini sou skò sa (1-0), Barcelone fè yon bon operasyon. N ap raple match retou an ap jwe nan kanou an, yon match k ap difisil pou ekip anglèz lan. Èske Manchester United pwal fè remontada a men m Jan nan 1/8 definal la aprè defèt (2-0), nan match ale an ki te jwe lakay yo men yo t al rache kalifikasyon yo nan pak dèprens lan sou ekip PSG an (3-1). Èske Manchester pwal ka fè sa kont Barcelone?

Peterson Louis.

Apwopo Emmnanuel Hubert

Ou ka gade tou

Le Canada, la Copa América et les questions brûlantes

Le Canada à la Copa América, on y est presque ! Le match de l’unifolié …