AYITI ESPÒ CHANPYONA NASYONAL: VIOLETTE KONTINYE AP KONTE MATCH NIL

Ekip Violette la konnen yon lòt match nil nan kad chanpyona nasyonal premye divizyon seri ouvèti a (1-1) kote yo te an deplasman kay lidè konpetisyon an Real Hope FA samdi 4 me 2019 la.

Malgre Denilson Pierre te pèmèt ekip Violette la fè gòl nan 63zyèm minit, Sneider Desamour ta pral jwenn chemen gòl la pou ekip li Real Hope FA nan 77tyèm minit e mete match la (1-1). lòt match yo ta pral kontinye nan nan dimanch 5 me 2019 la kote Triomphe tonbe lakay li devan ekip AS Capoise la (0-1), Cavaly As fè nil ak Baltimore SC (1-1), America FC fè nil ak Arcahaie (1-1), Fica fè nil ak Quanaminth FC (1-1), Racing C.H bat AS Mirebalais (2-1), Don Bosco kase met nan men Cosmopolites (3-0), Tempete FC kraze Racing FC (3-0).

Real Hope F.A-Viollette (1-1)
Triomphe-AS Capoise (0-1)
Cavaly AS-Baltimore (1-1)
America FC-Arcahaie (1-1)
Fica-Quanaminth (1-1)
Racing C.H-AS Mirebalais (2-1)
Don Bosco-Comospolites (3-0)
Tempete FC-Racing FC (3-0).

Apwopo Emmnanuel Hubert

Ou ka gade tou

Le Canada, la Copa América et les questions brûlantes

Le Canada à la Copa América, on y est presque ! Le match de l’unifolié …