Lig dèchanpyon/ Demifinal retou: Liverpool imilye Barcelone epi kalifye pou final.

Liverpool kraze FC Barcelone (4-0), nan demifinal retou lig dèchanpyon an, Jounen madi 07 me 2019 la. Liverpool rache yon kalifikasyon istorik aprè defèt yo (3-0) an deplasman nan match ale a.

Yon kalifikasyon ki te preske enposib men Liverpool fè l. Yon ekip Liverpool san de nan meyè jwè yo ki se Salah ak Firmino blese, malgre sa Liverpool genyen Barça (4-@0) gras ak de gòl de Origi e Rejinaldum. Liverpool louvri skò a byen bonè nan match sa ki fè yo pran kontwol match vit. Aprè defèt istorik sa a, sa fè dezyèm fwa Barcelone Barcelone elimine nan lig dèchanpyon an, aprè yon gwo viktwa lakay yo, sa te pase lane dènye, aprè viktwa yo (4-1), nan kanou an fas ak Roma epi yo te pèdi (3-0) nan match retou an.

Liverpool ki sou wout pou l sove sezon an, ekip Klopp lan k ap jwe yonn nan meyè sezon yo, dezyèm nan chanpyona anglè ak 94 pwen, kalifye pou final lig dèchanpyon. Klopp ki pwal jwe twazyèm final ewopeyèn li ak Liverpool. Dezyèm final lig dèchanpyon l nan dezan. Liverpool sou wout pou l chanpyon yon sizyèm lig dèchanpyon. Klopp fè listwa.

Klopp ap tann swa Ajax ou byen Tottenham nan final lig dèchanpyon an, k ap fèt 01 jen nan estad metwopolitano a. Ajax te genyen match ale an (1@0), match retou an ap fèt mèkredi 08 me.

Èske Liverpool pral ranpòte premye tit li ak Klopp antanke antrenè?

Peterson Louis.

Apwopo Emmnanuel Hubert

Ou ka gade tou

Le Canada, la Copa América et les questions brûlantes

Le Canada à la Copa América, on y est presque ! Le match de l’unifolié …