AYITI EDIKASYON: OTORITE YO BAY GARANTI AK TIMOUN YO POU YO KA ALE KONPOZE SAN KÈ SOTE.

Apre plizyè trak kap sikile nan lari a sou rezo sosyo pou anpeche timoun yo al konpoze nan egzamen leta yo kap demare jounen lendi kap 24 jwen 2019 la otorite yo bay tout garanti ak paran yo timoun ke tout dispozisyon deja pran pou yo e tou pwofite voye yon piga ak tout moun ki ta gen entansyon fè dezòd e anpeche timoun yo konpoze.

Premye minis la Jean Michel Lapin, minis jistis la Jean Roudy Aly, komisè gouvènman an Paul Eronce Villard, chèf polis la Michel-Ange Gédeon sekretè deta ak sekirite piblik la Ronsard St-Cyr ki tap adrese ak popilasyon an dimanch 23 jwen 2019 la apre yon chita pale an CSPN mande pou tout timoun yo al konpoze san kè sote paske tout dispozisyon pran pou garanti sekirite yo, yo mande paran yo elèv yo pou yo pa pè ni pran presyon.

Otorite yo ki rekonèt se dwa tout moun genyen pou yo manifeste fè konnen se dwa timoun yo genyen tou pou yal konpoze e se devwa pa yo pou garanti sekirite tout moun, yo lanse yon piga bay tout moun ki ta gen entansyon fè dezòd pandan dewoulman egzamen yo oubyen ki pral tante anpeche timoun yo pran wout egzamen yo ap tonbe anba gwo sanksyon ak la lwa.

Apwopo Emmnanuel Hubert

Ou ka gade tou

Ayiti/Eleksyon: San pèdi tan, manm bout KEP yo fòme biwo yo.

Nan mwens ke 24è, apre yo te fin prete sèman e estale kòm manm KEP …