GOLD CUP: KANADA KRABINEN EKIP KIBA A.

Nan dènye soti ekip Kanadyèn nan fas ak seleksyon Kibèn nan ayè dimanch 23 jwen 2019 la ekip Kanada a kase mete nan men Kiba lè li bay ekip sa 7 gòl a zewo sitou avèk 2 jwè ki yo chak make yon triple.

Trè bonè nan match la Kanada ta pral ouvri vàn nan gras avèk David ki ta pral jwenn chemen filè a depi nan 3 zyèm minit match la. Kiben yo tap eseye fè efò men ki pa pote anyen paske ekip kanadyèn te debòde pou fè lòt gòl se sa ki ta pral mennen 2-0 a avèk Callini ki make gòl la nan 21nyèm minit epi menm Callini ta pral fè 3-0 a nan 43zyèm minit.

Festival gòl la te kontinye ankò yon lòt avèk menm Callini an Kanada ta pral fè yon lòt gòl nan tan adisyonèl(45+1′)minit nan jwèt la pou mete match la 4-0. Se te yon match kote ekip kibèn nan te parèt pa gen pwa fas ak yon seleksyon kanadyèn ki te debòde sou teren tankou atak yo a te swaf gòl epi yo tou pwofite lapide advèsè deja ki pat gen mwayen pou reponn ak ekip sa.

Nan 50 tyèm minit gòl te kontinye ap fèt,filè pat sispann tranble,fwa sa se Hoilett ki make gòl 6-0 a epi nan 71 zyèm minit jwèt la gen David ki ta pral fè yon dezyèm gòl pèsonèl ki te pèmèt Kanada mennen 5-0. Anpil tan pat pase pou sizyèm gòl te vini se toujou David ank yon lòt fwa nan 77 tyèm minit ki jwenn chemen filè a pou fè (7-0).

Se sitou David ak Callini ki yo chak make yon triple pou pèmèt ekip Kanada selebre bèl viktwa sa a san nou pa bliye Hoilett ki limenm tou fè yon gòl nan festival 7-0 a. Aprè masak sa kanadyen yo fè sou kiben yo ekip Kanada a pase a 6 pwen nan dezyèm plas la nan gwoup A, se Meksik ki premye,Matinik gen 3 pwen epi Kiba an dènye pozisyon ak 0 pwen.

Florestal Wilky

Apwopo Emmnanuel Hubert

Ou ka gade tou

Le Canada, la Copa América et les questions brûlantes

Le Canada à la Copa América, on y est presque ! Le match de l’unifolié …