KOPA AMERIKA: AJANTIN KALIFYE DE JISTÈS.

Apre (2) de echèk ekip Ajantin nan fè youn apre lòt nan Kopa Amerika ane sa, Ajanten yo fè yon mirak jodi dimanch 23 jwen 2019 la ki pèmèt yo jwenn biyè kalifikasyon yo pou kadefinal.

Se te fas ak yon ekip Kata ki tap byen konpòte’l nan konpetisyon an malgre yo patko gen okenn viktwa men yo tap mete presyon, men jodi a nan match la yo fè yon erè epi yo peye sa chè,
gadyen Kataryen an ki ta pral fè yon move pas ki al jwenn jwè ajanten an Martinez ki mete balon nan filè ak pwent pye li san difikilte, se yon premye mitan ki te fini 1-0 anfavè seleksyon Ajantin nan.

Nan dezyèm mitan match la ekip Kata pat mal jwe ditou, yo fè anpil atak ,yo kreye anpil okazyon gòl men yo pat gen yon bon atankan ki pou fè gòl pou yo. A plizyè repriz yo jwenn do defans ajaten yo,yo rive anfas kan an men yo pat janm arive mete balon nan filè jiskaske nan 82 zyèm minit Agüero jwenn gòl ki pèmèt Ajantin mennen (2-0). Se vre Ajantin bat, se vre yo kalifye, men ajanten yo pa jwe yon pi bon match ke sa koz jwèt yo a manke kaliite,yo manke presizyon nan estil de jwèt yo a.

Viktwa sa a pèmèt Ajantin kalifye pou kadefinal,li pral gen pou’l toke kòn ak ekip Venezwela a nan kad match sila.

Florestal Wilky

Apwopo Emmnanuel Hubert

Ou ka gade tou

Le Canada, la Copa América et les questions brûlantes

Le Canada à la Copa América, on y est presque ! Le match de l’unifolié …