COPA AMERIKA: BREZIL PASE PEWOU YON PLA MEN.

Se avèk anpil frechè ak anpil tandrès nan jwèt la seleksyon brezilyèn nan lapide ekip pewouvyèn nan li li ba li (5-0) sa nou rele LA MANITA a, nan twazyèm sòti a ekip Tite a te parèt san pitye pou advèsè a ayè aprè midi 22 jwen 2019 la.

Trè bonè nan match la Brezil ta pral ouvri vàn nan ak yon bèl kout tèt ki ta pral reyalize avèk Casemiro nan 12 zyèm minit ,yo te kontinye ap mete presyon sou advèsè a sa ki ta pral mennen yon dezyèm gòl. Se nan 19 vyèm minit jwèt la Firmino tapral fè gòl 2-0 a aprè yon erè gadyen Pewou an te fè.
Gadyen an ki fè yon move degajman ki kontre sou atakan brezilyen an epi l’al frape nan poto a li tounen vin jwenn Firmino san ezite ak tout sanfwa li ki drible gadyen an epi fè filè a tranble. Se te yon bèl premye mitan poulen Tite yo te domine konplètman sitou avèk Everton ki te tounen yon pwazon pou Pewou nan lèl gòch la epi se li menm ki ta pral fè yon akselerasyon li kase antre epi li mete yon tir rasòl ak fòs ki al fini kous li nan zòn veritea, lè sa nou te nan 32 zyèm minit. Premye mitan an te fini (3-0).

Nan dezyèm mitan se te toujou yon bèl ekip Brezil ki te trè motive avèk anpil bèl jwèt, bèl pas, bèl drib, se te yon dominasyon total bòkote ekip mayo jòn nan. Bonè nan dezyèm mitan oswa nan 54 triyèm minit ekip Tite a ta pral jwenn yon katriyèm gòl ki demoralize pewouvyen yo konplètman, kawòt la ki te sanse kuit epi menm kraze.

Festival la tap kontinye avèk Willian ki te apèn antre nan jwèt ki fè yon bèl frap ki al souke filè advés la pou mete match la (5-0), a raple Willian ki te ranplase Countinho nan match la. Nan tan adisyonèl yo brezil avan abit la fè kout siflè final la brezilyen yo ta pral benefisye yon penalite, te gen posiblite pou yo te fè yon sizyèm gòl, men domaj tirè yo a Gabriel Jesus ta pral rate penalite a, se gadyen pewou a ki te detounen balon an.

Aprè laj viktwa sa ekip Brezil la gen tèt gwoup la nan men’l ak 7 pwen, Pewou li menm aprè tout gòl li parèt andanje malgre li gen 4 pwen se aprè de lòt rezilta yo nou pral konnen si Pewou ap pami 2 meyè twazyèm yo.

Florestal Wilky

Apwopo Emmnanuel Hubert

Ou ka gade tou

Le Canada, la Copa América et les questions brûlantes

Le Canada à la Copa América, on y est presque ! Le match de l’unifolié …