GOLD CUP: ETAZINI JWENN BIYÈ KALIFIKASYON’L POU DEMIFINAL.

Se gras avèk McKennie ki enskri yon grenn gòl presye ki bay ameriken yo biyè pou al jwe demifinal Gold Cup la ayè dimanch 30 jwen 2019 la.

Se te yon bèl ekip Etazini fas avèk yon ekip Kiraso ki tap eseye wè si li ta franchi liy kadefinal la pou ale nan liy demifinal la men ki te estope pa ekip amerikèn nan.
Se nan 25 kyèm minit jwèt ekip repiblik etwale a ta pral jwenn grenn gòl match la gras avèk McKennie ki te jwenn chimen filè a pou mete match la (1-0) ki tou ba yo laviktwa.

Aprè selebrasyon viktwa sa ekip amerikèn nan jwenn biyè kalifikasyon li pou al jwe demi final yo. Nan demi final la ekip repiblik etwale a pral gen pou’l toke kòn ak ekip regebòyz yo.

Florestal Wilky

Apwopo Emmnanuel Hubert

Ou ka gade tou

Le Canada, la Copa América et les questions brûlantes

Le Canada à la Copa América, on y est presque ! Le match de l’unifolié …