GOLD CUP: YON KOUT VIKTWA KI ENPÒTAN POU JAMAYIK.

Nan match kadefinal ki te mete fas pou fas ekip Jamayik la ak ekip Panama a ayè dimanch 30 jwen 2019 la, se ekip jamayikèn nan ki pote laviktwa lè li pase ekip panameyèn nan (1) yon grenn gòl a zewo(0) (1-0).

Se te yon rankont tèt pou tèt ant de (2) ekip yo,tou lè 2 tap eseye mete danje nan kan lòt men se pat yon match ki te parèt ditou fasil pou yo. Se nan 75zyèm minit  gras avèk Mattocks sou penalite ekip Jamayikèn nan ta pral fè sèl grenn gòl nan rankont la ki pèmèt yo selebre yon viktwa ki enpòtan pou yo.

Gras avèk kout viktwa (1-0) sa ekip Jamyikèn nan jwenn biyè kalifikasyon’l pou demi final yo. Nan demi final sa ekip jamayikèn nan pral afwonte Etazini.

Florestal Wilky

Apwopo Emmnanuel Hubert

Ou ka gade tou

Le Canada, la Copa América et les questions brûlantes

Le Canada à la Copa América, on y est presque ! Le match de l’unifolié …