AYITI/KONESANS: KISA KI LEJITIM DEFANS LAN?

Byenvini nan ribrik » yon timo lalwa »

Jodia nan kad ribrik sa, nap pale de LEJITIM DEFANS.

kisa ki lejitim defans lan? Eske se nan tout ka nou ka pale de lejitim defans ? Kilè nouka pâle de lejitim defans?

Pou kòmanse, kisa lejitim defans lan ye?

Pou anpil moun LEJITIM DEFANS lan se yon dwa natirèl lòm( fanm ak gason) genyen poul sovgade lavil. anpil lòt moun estime depi ,pou yon rezon oubyen yon lòt, sosyalman moun nan pa pwoteje, lidwe egzèse dwa defans endividyèl li.
Se nan sans sa CICÉRON DI: « pagen lalwa nan mitan zam ».
Donk, depi yon moun sibi yon agresyon kipa jis, li otorize poul komèt yon zak yon fason poul ka defann tèt li. Sesa ki lejitim defans lan daprè Atik 273 kòd pénal ayisyen kidi : » pagen oken krim lè moun ki komèt zak la te oblije reaji poul defann li nan momanl te fèl la.

Men fòk nou di gen kondisyon ki dwe reyini poun ka pale de LEJITIM DEFANS. Men yo:

1) fòk moun kifè zak la te menase ekel patka gentan reaji lot jan.
2) fòk se yon reaksyon kel fé poul te vanje tèt li.
3) fòk se yon reaksyon kont yon move zak litapral sibi.

4) fòk reayaksyon an pat diferan de atak li te resevwa. Se sak fé yo di fòk zak la pwopòsyonèl ak atak la.

Par egzanp si yon moun rale yon zam sou ou, w te gen youn sou ou w tirel avan… lè sa oupap responsab de zak kew fè a.

An jeneral sesa ki lejitim defans lan. Li se yon koz kika fé yon moun pa responsab de yon zak kel fè.
Nan pwochen ribrik la nap pote pou ou kèk nyans ki genyen nan sa. Sepandan map ankouraje n al li atik 266… 273 kòd penal ayisyen an.

Mèsi

Gédéon DELVA, juris-jounalis.

Apwopo Emmnanuel Hubert

Ou ka gade tou

Cancer du col de l’utérus

Principaux faits Le cancer du col de l’utérus est le quatrième cancer le plus courant …